Swiv Wout Ou • BélO

ADDED BY JEWIPA (JUL 6, 2019 AT 3:39 PM) 4,168 VIEWS EDIT

Genre: Afro/Dancehall
Album: Motivasyon
Year: 2019
Produced by: BélOMusic
Lyrics by: Jean Bélony MURAT/BélO

Swiv wout ou

NéO...
Nou chak s-on-w zétwal
Nou chak g-on-w éskal
Chak moun g-on-w wout ki trase pou li deja, pou’l swiv.

Swiv wout ou...
Pa okipe obstak yo
Swiv wout ou...
Fè kòm si ou pa wè yo
Swiv wout ou
Yo la’a, y’ap toujou la’a
Swiv wout ou.

Mwen fèt nan-w vilaj ki pat gen kouran
Sa pa anpeche’m te toujou wè gran
Pitit yon madanm ki pa fò nan lekti
Men, mwen te gen rèv depi-m te tou piti
Ak objektif pou’m sòt nan geto wa
Mwen aktif, mwen vize gwo lo wa
Menm si, bagay yo pat janm fasil pou mwen
M’te toujou gen anpil bezwen.

Swiv wout ou...
Lord, pap janm okipe obstak yo
Swiv woutou...
Fè kòm si mwen pa wè yo
Swiv woutou
Obstak yo la, y’ap toujou la’a
Swiv wout ou.

Ti Charles

A trèzan zan, m’abite “Rue Agent-Paul”
Pat g’on’w plas piblik, pat g’on’w teren foutbòl
Menm pat janm fokis sou sa katye ya pat te ka ofri’m
Mwen te wè s’on’w bèl opòtinite nan lavi’m
Sandy Bernard zanmi’m te g’on’w radyo kasèt
M’dekouvri ORS mizik sa k’ap fèt
Mwen wè Adlerman sanble’m
M’santi rèv mwen pi pre’m
Kouzen’m Patrick ankouraje’m
Li te toujou ap di’m:

Swiv wout ou
Aprann janbé obstak yo
Swiv wout ou
Fò-w aprann kabré chòk yo
Swiv wout ou
Si ou la, se pa’w aza.
Swiv wout ou..

Mwen pat janm trouve sènn lekòl la twò piti pou’m jwe
Avan yo mande’m jwe, m’te gentan pare
Freestyle, big baf nan rekreyasyon
Se t’on’w vizyon melanj’ak pasyon
Nan Don Bosco nan Pétion-Ville
Lakay Kenny
Mwen swiv konsèy kèk bon zanmi
Ki te konn di’m:

Swiv wout ou...
Pa okipe obstak yo
Swiv wout ou...
Fè kòm si ou pa wè yo
Swiv wout ou
Yo la’a, y’ap toujou la’a
Swiv wout ou.

NéO
Swiv wout ou tande
Swiv wout ou
Harryell
Swiv wout ou tande
Swiv wout ou
Laurent
Toujou swiv wout ou tande
Swiv wout ou
Nell
Swiv wout ou.

Pawòl ak mizik: Jean Bélony MURAT/BélO
January 2019


BIOGRAPHY
  • BelO has been hailed as Haiti's musical ambassador to the world. A socially conscious singer-songwriter with a sophisticated sound and winner of numerous awards, including the prestigious "Prix Radio France International Discoveries of 2006," BelO's sound is a sublime mixture of Jazz, Worldbeat, Rock, Reggae and Afro- Haitian traditional rhythms known as "Ragganga". After the January 2010 earthquake in Haiti, BelO's primary focus was to create awareness for his country at various performances around the world. BelO's third album "HAITI DEBOUT," (Haiti Stand-up -2011) was released under Radio France/France Info and distributed, globally, by Harmonia Mundi. During the "HAITI DEBOUT" tour, BelO has performed in Germany, Rome, Romania, France, South Korea, London, Canada and the U.S.