Pa Bezwen Anpil • Chris Morning

ADDED BY GEN11 (JUL 15, 2019 AT 8:04 PM) 7,560 VIEWS EDIT

Genre: Afro/Dancehall
Year: 2019
Featuring: Jean Luc Verna

Oh wi
Full dancehall
Fò beat la move

[Verse 1]
Pote boutèy kote tout nèg
Jean Luc Verna, Chris Morning tèt anlè
Depi nou la gen plezi gen lòbèy
Bebe rele zanmi w gen plezi gen lòbèy (back it up)
DJ kite mizik la f on woule
Jodya n ap byen pase menm si n poko touche
Koule fò l ka koule
Pa bezwen anpil s on ti plezi n ap chèche

[Hook]
Pa bezwen anpil – pa bezwen anpil
Pou n ap byen vire – non n pa bezwen anpil
Pa bezwen anpil non – pa bezwen anpil
Pou n ap byen pase – non n pa bezwen anpil
Yon boutèy de boutèy – non n pa bezwen anpil
Yon vibe Chris Morning – non n pa bezwen anpil
Yon boutèy de boutèy – non n pa bezwen anpil

[Verse 2]
Depi depi gen cup gen byè
Depi gen son gen son gen fèt
Depi gen back gen sirèt depi gen high nou ka bèl
Nou deja kont pa bezwen rele mennaj ou
Si w pa vle kont annik enjoy program ou
Ti medam leve vè n ti mesye leve yo
Pa gen lè pou n wouze, kapitèn meteyo
Ou mèt blan ou mèt black menm koulè oreo
Vini isit on plezi n ap f on sèl paske

[Hook]

[Verse 3]
Nan baz la – si w renmen pran fò w pa pè bay
On partage – gwo kou l ye fò w pa pè bay
Bò lakay – pou chill lan bon fòk gen bagay
Chak grenn moun dwe pote yon bagay
Li ka bon an woule woule, li ka chanpay pete pete
Si l pa dancehall reggae reggae
Si manke moun tcheke tcheke
Li ka bon an woule woule, li ka chanpay pete pete
Si l pa dancehall reggae reggae
Si manke moun tcheke tcheke
Nou pa bezwen anpil men nou vle on pakèt
Li ka biyè vyolè wouj menm biyè vèt
Pa pè pran si wape depanse
Sa n jwenn nou pran pa fè de panse

Ti medam leve vè n ti mesye leve yo
Pa gen le pou n wouze, kapitèn meteyo
Ou mèt blan ou mèt black menm koulè oreo
Vini isit on plezi n ap f on sèl paske

[Hook]

Oh wi
Dancehall