M Ap Toujou Renmen W • Stephanie Pierre

ADDED BY BOUKANDIFEMEDIA (JUN 8, 2019 AT 2:45 PM) 3,632 VIEWS EDIT

Genre: Other
Album: M Ap Toujou Renmen W
Year: 2019
Produced by: BoukanDife Records
Lyrics by: Albert Semerville

Kounye ya m’prè.
Pou’m di’w byen klè
Tout sa’k nan kè’m
San pwen tirè.

Jou wa rive.
Lespri’m poze.
Ke’m avwe’w
De twa verite.

Dè fwa’m santi
M’ap kilbite.
Gen jou’m leve
De pye’m mare.

Men mwen konnen
Pa gen anyen
Ki ka chanje
Sa’m gen nan kè’m.

M’pap janm negosye,
Ni rabese
Lanmou’m pou wou
Sonje m’te di wou
M’gen yon sel mo
M’renmen’w anpil

Pa blye,
Tout sa zòt ap di
Pa ka detwi
Lanmou nou bebe.

Eseye konprann,
Tout sa’n sibi
Pa ka chanje plan’n
Gen pou nou de
O wo O wo.. (5 fwa)

Sonje bèl vi
Nou konn mennen
Bèl melodi
Nou konn chante
Tout ti tandrès,
Tout ti karès
Tout ti moman
Nou konn fete

Alèkile
Zòt vle’n chanje
San yo pa konn
Kote’n prale
Y’ap voye pye,
Yo deraye
San yo pa konn
Sa nou santi.

Ann mete tèt nou ansanm
Pou nou pa janm lage

Refren
Pa blye,
Tout sa zòt panse
Pa ka detwi
Lanmou nou bebe.

Eseye konprann
Tout sa’n sibi
Pa ka chanje
Plan’n gen pou nou de
Yè, Yè…..

(Bridge)
Cheri sonje
Sa’n fè a de.
Ye eee O OOO
Wo wo wo wo wo
Cheri raple’w
Traka’n pase a de
Wo wo wo wo wo wo wo wo wo wo

Cheri ban’m di’w:
M’ap toujou renmen’w.
M’renmenw( 6 fwa)

Pa janm blye,
Tout sa zòt panse
Pa ka detwi
Lanmou nou bebe.

Eseye konprann,
Tout sa’n sibi
Pa ka chanje
Plan’n gen pou nou de
Yè, Yè…..