Madanm Ou Dous • Lawman

ADDED BY LILPETER3 (SEP 5, 2019 AT 9:18 PM) 3,175 VIEWS EDIT

Genre: Other
Year: 2019
Lyrics by: Lawman

"MADANM OU DOUS" by Lawman Pongongon (LYRICS).

HOOK:
Madanm ou dous...
Si on nèg goute, w p'ap MANDE RETE.
Madanm ou dous...
Dèfwa m'santi m'ta MANDE'W PRETE'L.
Madanm ou dous...
M'pa kache di'w SIWO MYÈL KI NAN MEN'W...
Pou jan madanm ou dous...
Dèfwa m' mande SI SE MYÈL KI MANMAN'L. (2 FWA)

VERSE-1
M'konn tande nèg ap di madanm ou dous, m'al gade SI SE VREEE.
Lè mwen goute, m'wè ke se pa manti, madanm ou SIKRE VRE EE.
Manzè g'on jan L'BAY PLEZI...
M'louvri 2 bra'm BAY JEZI.
Mande Bondye pou ki l' pat
BEYONCE, epi mwen menm M'PAT JAY-Z.
Ou mèt mache fè djolè pou madanm ou, di ke l'pi dous PASE KANN ANANA.
Li g'on fason lè l'ap fè alsiyis, li chante opera PASE KONDAGANA.
Si w'tande on nèg ap pale de madanm ou, pa FÈ'L EKSPLIKASYON.
Mwen, sa m'ka di'w apwopo de madanm ou se FELISITASYON.
Ou mèt konnen ke se li k'ap touye'm si madanm ou S'ON PWAZON L'YE.
Li ka s'on moun ki renmen pataje, sa pa vle di S'ON PA BON L'YE.
Pastè legliz mwen pa vle'm sèmante men TONNÈ BOULE'M.
Madanm ou gen lè s'on siwo pou somèy, MANZÈ SOULE'M.

HOOK:
Madanm ou dous...
Si on nèg goute, w p'ap MANDE RETE.
Madanm ou dous...
Dèfwa m'santi m'ta MANDE'W PRETE'L.
M'pa kache di'w SIWO MYÈL KI NAN MEN'W...
Pou jan madanm ou dous...
Dèfwa m' mande SI SE MYÈL KI MANMAN'L. (2FWA)

VERSE-2
Li pa peye'm pou m'fè reklam pou li men MADANM OU DOUS.
Li pa diri men l'bay anvi grennen tankou MADAN GOUGOUS.
Sa Bondye ba li a gwosè linivè epi tou L'GEN BON NATI.
Li g'on politik, menm lè l'ka pran tout, li pran 1pe L'KITE ON PATI.
Lè mwen sou li, li vire'm k'on elis, senti madanm ou s'on ELIKOPTÈ.
Lè l'ap vini, li fè bwi k'on machin, manzè pa fanm ki gen LAZY MOTÈ.
Li renmen nèg ki fè'l klasik men dèfwa l'konn mande'm PLEZI POTÈ.
Livrezon fèt À DOMICILE, men dèfwa nou pran ti PLEZI HÔTEL.
Madanm ou pa KENÈP men se fanm k'abitye fè'm rele "LA DOUCE QUI VIENT".
M'pa konn si s'on boul sik oubyen si s'on siwo, men m'ka di'w L'ADOUSI BYEN.
S'on fanm de KLAS, pou gen pou kò'w fò RICHY ou PIPO POU TA YE.
Madanm ou pa twal, men m'konnen nan moman an ke gen nèg k'ap a SIZO POU TAYE.

VERSE-3 (Animasyon)
Pou madan TonyMix, M'POKO KONNEN.
Madan ValMix, M'POKO KONNEN.
Madan BiMiiix, M'POKO KONNEN.
Paske fanm sa a yo POKO BAN MWEN.
Pou madan Flashy, M'POKO KONNEN.
Madan N-G, M'POKO KONNEN.
Madan DjNal, M'POKO KONNEN.
Paske fanm sa a yo POKO BAN MWEN.
Madan ChofèMoto yo, M'BOUKE KONNEN.
Madan Polisye yo, Humm! Humm!
Madan Bandi yo, Humm! Humm!
Moun sa a yo bouke pot SOUPE BAN MWEN.