Endepandans Nou • BélO

ADDED BY JEWIPA (NOV 18, 2020 AT 12:12 PM) 1,559 VIEWS EDIT

Genre: Other
Album: Single
Year: 2020
Featuring: Dadou,Beethova,Myria,Erol,Christopher,Tines,Koralen,Jeune,Alexa
Produced by: BélOMusic
Lyrics by: Jean Bélony MURAT & Jean Winer PASCAL; Music:BélO

Endepandans nou

Endepandans nou pat yon kado
Twasan zan, anpil san pou libète
Mawonaj, gwo batay, kout kanno
Fanm ak gason vanyan’k te revolte
Vètyè se pa yon simityè, men pito se chimen limyè
Kadav chak Ewo sèvi angrè pou pepinyè.

Bwakayiman se pat pou bravo
Se t’on’w rasanbleman pou’n medite
Envite tout fòs awochennago
Kaba lesklavaj kreye libète
La Sitadèl se pat pou fè bèbèl yo te fè’l
Men pito se yon senbòl ki di ke Ayïsyen s’on’w pèp rebèl.

Se tèt kole’k te ba’n la viktwa
Se premye fwa’l te fèt nan listwa
Lame endijènn te g’on’w sèl vwa
Zanzèt nou yo te kwè nan sa
Viv lib ou mouri se te sèl lwa.

Zanzèt yo mouri pou ba’n yon Peyi
San nou koule pou ban nou la Patri
Pou tout Ayïsyen san patipri
Egal ego san paspouki
Fè pwospere peyi d’Ayïti.

1804 te ba’n diyite
Batistè, papye tè, pou’n separe
Se pat sèlman pou la libète
Ewo’n yo t’ap defann legalite
Eritaj yo ba nou te mache ak responsablite
Defann pèp k’oprese.

Ak misyon batay pou limanite
Pou tout ras, tout nasyon emansipe
Yon lit lokal, entènasyonal
1804 lim’on’w flanbo mondyal
Sòti nan Karayib la, ale jis an Amerika
Dawome, Lil Gore nan Afrika.

Se tèt kole’k te ba’n la viktwa
Se premye fwa’l te fèt nan listwa
Lame endijènn te g’on’w sèl vwa
Zanzèt nou yo te kwè nan sa
Viv lib ou mouri se te sèl lwa.

Zanzèt yo mouri pou ba’n yon Peyi
San nou koule pou ban’n yon Patri
Pou tout Ayïsyen san patipri
Egal ego san paspouki
Fè pwospere peyi d’Ayïti.

Ayabonbe’e, libète ou lanmò.
Ayabonbe’e, libète ou lanmò.
Ayabonbe’e, libète ou lanmò.

Nous avons osé être libres
Osons l’être par nous-mêmes
Et pour nous-mêmes.
Imitons l’enfant qui grandit
Son propre poids brise la lisière
Qui lui devient inutile
Et l’entrave dans sa marche.

Empereur Jean-jacques Dessalines.

Pawòl: Jean Bélony Murat / BélO
Pawòl: Jean Winer PASCAL
Mizik: Jean Bélony Murat / BélO
19 Me 2020


BIOGRAPHY
  • BelO has been hailed as Haiti's musical ambassador to the world. A socially conscious singer-songwriter with a sophisticated sound and winner of numerous awards, including the prestigious "Prix Radio France International Discoveries of 2006," BelO's sound is a sublime mixture of Jazz, Worldbeat, Rock, Reggae and Afro- Haitian traditional rhythms known as "Ragganga". After the January 2010 earthquake in Haiti, BelO's primary focus was to create awareness for his country at various performances around the world. BelO's third album "HAITI DEBOUT," (Haiti Stand-up -2011) was released under Radio France/France Info and distributed, globally, by Harmonia Mundi. During the "HAITI DEBOUT" tour, BelO has performed in Germany, Rome, Romania, France, South Korea, London, Canada and the U.S.