[Verse]
Jounnen m poko kòmanse
Tout tan m pa konn kijan w leve
Kijan nwit ou pase
M pa vle absan lè w souri
Se on mèvèy m pa vle pèdi
Tèlman m damou cheri
[Chorus]
Mwen pap dekouraje se sou ou sèl mwen klike
Pou ou mwen prè pou m sakrifye
Tout sa m ye sa m posede
Ou fè m goute on lanmou
Ki bay lavi m on lòt gou
Ou se branch limyè mwen nan dekou
[Verse]
Mwen pap ba w pawòl pou w dòmi
Ou deja fè lanmou nou jwi jouk nanm mwen anvayi
Mwen vle la lè w pral pipi
Mwen vle avè w jouk tan m mouri
Tèlman m damou cheri
[Chorus]
[Hook]
Klike cheri klike mwen pare pou sa ou vle
M ap tann ou deside pou lavi nou kòmanse
Klike cheri klike pa kite baj ou kase
M ap tan ou deside pou lavi nou kòmanse
[Bridge]
Mwen vle swiv ou tankou yon lonbraj
Mwen vle w san makiyaj
[Guitar]
Pou tout moun k ap chèche lanmou pa yo a, mwen m fèk jwenn pa m nan
Cheri se ou l ye
Epi m klike wi la
[Keyboard]
Woy men konpa
Klass
Ti Joel Antoine klike sou pa w la non frè
Klililik
[Verse]
Lè lanmou frape w, santi kè w pran palpite
Pa fè tankou w pa tande se kap dènye fwa sa rive w
Lavi gen revè, ou pral pase mizè
Ou pral naje nan regrè
Se youn nan pi vye erè ou pat dwe fè
[Choir]
Si l fè san w mache, si l fè nanm ou vibre
Klililik klililik prese kouri klike
Pandan li dispo, pandan yon lòt poko
Klililik klililik mesye kouri klike
[Horns]
Klass
Konpa
Tòbo
Fanatik yo wè anba yo
Yo di gen sa ki fake – men Klass la original
Sa se pa fake la non – sa se bon an
Sa w fè lajounen – se avè l ou dòmi nan nwit
Anmwey
[Keyboard]
Tout moun nan kay la leve men nou pou n resevwa levanjil klass la
Leve leve leve l
Kèl Affaire
Se Klililik klililik
Si l fè san w mache, si l fè nanm ou vibre
Klililik klililik prese kouri klike
Pandan li dispo, pandan yon lòt poko
Klililik klililik mesye kouri klike