Aba X Yo • Gabel

ADDED BY PHKATHIUS1 (NOV 29, 2018 AT 7:11 PM) 8,377 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2018
Featuring: Rutshelle Guillaume
Produced by: Mikey Mike
Lyrics by: Vladimyr Etienne

[Intro]
Aba, aba
Aba ex yo, aba

[Katalog]
Mwen ret konsa m'ap depafini
Ou sèl ak Bondye'k konn sa m'santi
Mwen pa malad, mwen pa lopital
Poutan mwen strese, m'gon vi fatal
Lanmou'm pou ou doudou san parèy
M'toujou ap doute, ou kwè se parèy
M'konnen jalouzi pa gen tretman
Si sa vinn pi mal se lantèman

[Chorus] 2X
How can I trust you
Pandan'w ak ex ou stil ap text
Cheri di mwen non
Ou mèt di mwen non

[Rutshelle]
Si'w fè'm konfyans
Poukisa chak jou se menm rans
Pale anpil, akizasyon san evidans
Nou tout g'on pase
Ou konn byen ex mwen se pase'm
Sa pa vle di'l paka salye'm
Nou g'on timoun a de

[Chorus]
How can I trust you
Pandan'w ak ex ou stil ap text
Cheri di mwen non
Ou mèt di mwen non

Yeah, yeah
(Kijan'w vle pou mwen kwè'w)
Gabel
Rutshelle
Hmm ok
(Aba, aba)
Se Katalog ki bay love
(Aba, aba)

[Katalog]
Mwen konnen'm s'on nèg jalou
(Mwen jalou, m'jalou)
E lè'm damou mwen tou fou
(Lè'm damou mwen fou)
W'a sonje m'se mizisyen tou
Sa vle di mwen konn tout kou
Genyen ex ki konn limit yo
Gen sa tou ki jwe tout kou
Se la pwoblèm mwen kòmanse
La jalouzi'm nan monte'm
Medam ede'm rele
Mesye ede'm chante

[Hook]
Aba (aba), Aba (aba)
Aba ex yo, aba
Aba ex yo, aba
Aba, Aba
Aba ex yo, aba
Aba ex yo, aba

[Rutshelle]
My ex is not my enemy
He's my baby daddy
(We're just friends, we're just friends)

[Katalog]
Se pawòl sa k'ap touye'm nan
(We're just friends, we're just friends)
Lè'm kouche m' pa sa dòmi

[Hook]
Aba (aba), Aba
Aba ex yo, aba
Aba ex yo, aba

[Rutshelle]
Lè'w pala se li ki mennen'm sòti
Lè'w ap boulvèse'm, se li, se li ki konsole'm
(We're just friends, we're just friends)

[Katalog]
Ou pa bezwen fini cheri m'sou menm
(We're just friends, we're just friends)
Zanmi'm yo te konn di'm sa m'pat vle kwè

(Aba, aba)
(Aba, aba)
Gabel
Ou wè li

[Hook]
Aba, aba
Aba ex yo, aba
Aba ex yo, aba

[Katalog]
Bagay sa s'on pwoblèm
Manifeste avè'm
(Aba ex yo, aba, Aba ex yo, aba)
Yon gouvènman ale
Gen yon lòt ki monte
(Aba ex yo, aba, Aba ex yo, aba)
Se tout pèp la k'ap rele

[Hook]
Aba, (aba) aba
Aba ex yo, aba
Aba ex yo, aba