Moun Yo Pa Pou Mwen • NEGGO

ADDED BY TIZER (MAY 17, 2014 AT 2:41 AM) 21,478 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Featuring: Fresh La & P-Djee Money

[Intro]

NEGGO
Fresh la
P-Djee Money
We ain't playing man
E pa konsa m'te ye non
Lavi m chanje, moun yo chanje tou

[Chorus]
Pase m'pa gen lajan ankò, moun yo pa pou mwen
Mwen paka bay woulib ankò, moun yo pa pou mwen
M'paka prete moun ankò, moun yo pa pou mwen
Mwen pa fè hangout ankò, moun yo pa pou mwen
Sous la pa koule, moun yo pa pou mwen
Nou pa fè cookout ankò, moun yo pa pou mwen
Pisin nan seche, moun yo pa pou mwen
M'paka bay pool party ankò, moun yo pa pou mwen

[Verse 1]
Pwoblèm pike m sot anlè m'tonbe nan dlo
Nan lavi m'kilbite, sa lakoz yo banm do
Men mwen konnen ke tèt mwen abitye pote chapo
Sa k fè mwen pap pèdi lespwa nan lit la, m'pap KO
E konba mwen poko fini
Tout tan m'ap respire, m'ap espere
Menm lè mwen cheni, m'ap tounen papiyon
Pou mwen pran van kot lavi fleri
Cause echèk mwen banm fòs
E sèvi m bon jan remòkè pou mennenm nan lòt pòs
Kounya pa gen fanm k'ap kiss
Pa gen blodè k'ap peace
Razè gentan fè yo bliye nimewo m
Yo gen pou vinn kole sou mwen k'on pis
Yo panche, yo p'ap sis
Yo pral vin haters pou vinn dechire do m

[Chorus]
Pase m'pa gen lajan ankò, moun yo pa pou mwen
Mwen paka bay woulib ankò, moun yo pa pou mwen
M'paka prete moun ankò, moun yo pa pou mwen
Mwen pa fè hangout ankò, moun yo pa pou mwen
Sous la pa koule, moun yo pa pou mwen
Nou pa fè cookout ankò, moun yo pa pou mwen
Pisin nan seche, moun yo pa pou mwen
M'paka bay pool party ankò, moun yo pa pou mwen

[Verse 3]
Paske m pa sou anyen, now nèg yo pa pou mwen
Pa gen kòb pou bay zanmi ankò, pa ret sou mwen
Se volonte God, ni m'pap fè lèd ni detounen
Mwen pa gen bèl auto ankò, medam yo pa rive sou mwen
Depi w gen kòb twòp fanm ap chouchoute w
Osinon papi lè van an vire y'ap fout choute w
Ou gen fanm ak bon patnè se lè pòch la gen zo
Chyen al flannen kay machann vyan men se paske l konnen gen zo
Wi se life, gad moun k'ap imilye m
Moun ki te konn la pou defann mwen k'ap likide m
Pa ri Zemeleko, jou pa m la gen pou l rive
M'ap ret pou fin
Letènèl gran, pa kondane pou meprize

[Chorus]
Pase m'pa gen lajan ankò, moun yo pa pou mwen
Mwen paka bay woulib ankò, moun yo pa pou mwen
M'paka prete moun ankò, moun yo pa pou mwen
Mwen pa fè hangout ankò, moun yo pa pou mwen
Sous la pa koule, moun yo pa pou mwen
Nou pa fè cookout ankò, moun yo pa pou mwen
Pisin nan seche, moun yo pa pou mwen
M'paka bay pool party ankò

[Verse 4]
Yo pa pou mwen, moun yo pa pou mwen
Kounya pa gen lajan, pa gen pyès moun ki ret sou mwen
Pa posede menm 2 gouden
Yo trete'm tankou 'on chyen
Lè 1000 goud te konn tonbe m'te g'on ti nom “Blan Meriken”
Men kounya menm yon grenn dan mwen pa ka ba yo
Tout nèg ki te patnè m, m'ap chèche yo m'pa fouti wè yo
Pyès òm pa ret sou mwen
Atò fanmi m vire ban m do
M'an solo, m'pa gen pèsòn aprè Bondye
Gad'on fado

M'vire, m'tounen kounya m'pa gen pyès kontak
M'sou bouda m, pa gen bras
Nèg yo rele m pyen m apa
Pa ret tann yo, pare yon po kann ak tout foumi pou yo
Tèt k'abitye pot chapo pap janm bouke pote chapo

[Pre-chorus]
Non non m'pap tonbe
Nan wout m'pap kanpe
Ou te mèt te pouse m atè m'pap rete
Non non m'pap tonbe
Nan wout m'pap rete
Tèt la poko koupe, chapo m'pral mete

[Chorus]
Pase m'pa gen lajan ankò, moun yo pa pou mwen
Mwen paka bay woulib ankò, moun yo pa pou mwen
M'paka prete moun ankò, moun yo pa pou mwen
Mwen pa fè hangout ankò, moun yo pa pou mwen
Sous la pa koule, moun yo pa pou mwen
Nou pa fè cookout ankò, moun yo pa pou mwen
Pisin nan seche, moun yo pa pou mwen
M'paka bay pool party ankò

[Outro]
Yes,
Moun yo pa pou mwen
Pran pòz yo pa konnen m, meprize m
Men jamè m'pap ret konsa
Ya va sezi
Still pozitif
Kritik yo tounen fòs
N'ap vibe
NEGGO