Diskou Revolisyon • Blaze One

ADDED BY GEN11 (JUL 7, 2018 AT 9:23 PM) 16,405 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2018
Lyrics by: Blaze One

[INTRO]
Vètè encore a la appareil
Diskou revolisyon kot jf toutan

[VERSE 1]
Pandan sujet rap tou nèg rete sou rad
Atis ap choute sou fanm
Peyi finn achete pa menm yon ti wòch ki rete pou van
Epiw gadon’w palman san responsabilite
Ki pa vinn panse pou pèp
Malgre nou wè malere rete pou pann
Jounen jodi fò konn pozisyon ayisyen
Nap kouri dèyè bèl dan
Pou pita nrelen rayi chen (dan pouri)
Nou te dakò se nou kte fè 1804
Poun te mete blan deyè nou fè plis ke 1800 zak
Jodia nou aksepte ke tou gouvènman yo oprese nou
Youn pa reprezante’n malgre’n vote pou ankese nou
Yo bann valè sèlman lèn ap mobilize moun pou yo
Nan boule kawochou nan kanpay, nan bloke wout pou yo
Lè you elu sak pa avè yo ki jwen job
Fò dakò vann diyitew menm siw tal lekol pou fè kob
Nou reziyenn fè nou bliye kiyes nou ye
Pandan chak jou yap fèn mal ou mete mande sinn met touye
Yo monte tax lè yo vle pa gon chanjman atò grizon
Achete timb pou 6mil goud yo bann manti paspò dizan
Tou sak pase fin vote poutan nou chita kwaze brann
Sin pa fon revolution kont yon nou pap sispann kwaze dram
Egzanp nou gon kò polis ki pa touche pou protejen
Leta pran 1000 goud sou chèk li e malgre sa li konn
Pyeje nan bourike pou lapatri sa menm lè pa menm jwenn 5mil goud
Lè mouri yo dedomaje fanmil ak 75mil goud
Nap pran poz nou gro bandi, pi gro lach pa gen pase nou
Yo achete nou nan geto, le yo vle yap vinn pase nou
Li lè poun sispan goumen antre nou mvle nou tou pran plas
Gon’w pakèt politisyen kap piyenn se yo poun an fas
Se yo’k boule mache pèp, achete machinn, bati kay
San rezon yon voyaje gaspiye peyim patikal
Kijan santi’w lè’w malda Privert ou jambe saint domingue
Nou youn pa kontwi lopital, sakap ede ti pèp yo menm
Li paka fè yon ti andjaliz, prete kob se a valiz
You achete media, toutan se deba, se analiz
Chak lè mizè fènn fache, yon mil goud suffit poun souri
Nou pap janm ka revolte kont nèg yo en nap fout mouri

[CHORUS]
Sin wè peyi depafini, tout jèn yo ale chili
Fatran nan tout kwen lari, chak jou ayisyen ap soufri
Se pasken pa revolte, pasken pa revolte
Desalin te koupe tèt, e nou menm kilè nap revolte
Yo di yap bann lekol gratis, banm nou manje gratis
572 komin yo pa gen lavi sa tris
Se pasken pa revolte, pasken pa revolte
Desalin te koupe tèt, e nou menm kilè nap revolte

[VERSE 2]
Yeah sa di vre, sèvis leta chanje an plat prive
Depi yon gouverman tonbe tout byen peyi a pral livre
Sak rive se yo posede tou gro kalib vre
Youn pa bay ekplikasyon menm lajan petro karibe
Ayiti chevel finn blanch li lè
……
Yo koz nou bandi poutann pap tire sou kòtej yo
Nan caraibe la nou se nati ki pi sal
Koz gouvenmann yo san empotans tankou matrikil fiscal
Nan met espwann sou gensiv, pandan gentan detwi dan yo
Nou kraze fakilte pase machinn sou etidyan yo
Bon kot kouraj msite sak ki rezidan yo
Fok nou fon soulevman, san di aba fon prezidan yo
Revolte vit machinn pap kraze, ni magazin pap kase
Piga nou pran kob kap devye li pigan boule mache
Yo vle nou peri ou mèt kwom sa se misyon yo
Dekolonizen fon aksepte kraze prizon yo
Sak rete ap gade tankou mango yap finn keyi nou.
Nou ki lajenès e nou ki pou chanje peyi nou
Prezidann yo menm defenn ta dwe vinn juje
Ayiti gen 6 fanmi se yo menn a vi dirije
Se yon men ki bay rezon si trump ap treten de latrinn
Nou pa gon’w reprezantan wi apre lanmò desalin
Kifè blofen nan ede pèp poutan chak jou yon non’w buffet
Yo chante funeray sak pap travay yo non’w budget
Yo preske meten deyo sou teritwa nou
Menm Hilary Clinton pi eritye tè peyi pa nou
Pep asiyen fonn mete pen sou sandin nan
Paske jounn revolte yo paka roulen nan farinn lan
Yo bay vinn repiyans jenès pagen rezistans
Tou moun vle pati menm si son’w ras kabrit pou rezidans
Malgre n manifeste yo pa ban nou lan menm
Ayisyen chanje batay la sinn ble pran destenn an menm

[CHORUS]