Sispann Fè Woul • Blaze One

ADDED BY GEN11 (SEP 27, 2016 AT 11:39 PM) 27,547 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Lyrics by: Blaze One

[Hook]
Sispann fè woul
Lè’w al lekòl eee
Sispann fè woul
Lè’w al lekòl tande
Avni peyi a li pa lot ke mwen avè w li ye
Timoun jodi se nou menm kap granmoun demen tande

[Verse 1]
Lekòl ouvè youn nan pi bèl moman nou toujou atann
Premye diskou profesè depi jen te pase tann
Kom se premye jou klas fòk tout elèv fè konesans
Pou youn ka byen konn lòt pou klas la ka gen transparans
2,3 semèn pase gen elèv kap swiv gran kouran
Bay pwofesè boulèt plede kole chiklèt sou ban
Sak pa vin sou aprann Ap di w fò w petibe klas la
Men lè yo voye w tounen w si pou w antre fò w ak paran w

[Hook]
Sispann fè woul
Lè’w al lekòl eee
Sispann fè woul
Lè’w al lekòl tande
Avni peyi a li pa lot ke mwen avew li ye
Timoun jodi se nou menm kap granmoun demen tande

[Verse 2]
Chak jou lekòl ap fonksyone elèv pa ret nan klas
Sak al trip kay ivet Sak al nan chawony sou chanmas
Manman w papa w konen lekòl Yo menm yo nan tout bras
Se le chef arête w nan woul y ap di w men quest ce qui ce passe?
Pandan w pa rann ou kont se avni w fini ap gache
Le kob lekòl se nan jwet mopyon, Aza li boule
Gen de elèv kap fe paran Peye lekòl an ven
Le yo pa pase yap di se pwofese ki vòlè pwen

[Hook]
Sispann fè woul
Lè’w al lekòl eee
Sispann fè woul
Lè’w al lekòl tande
Avni peyi a li pa lot ke mwen avew li ye
Timoun jodi se nou menm kap granmoun demen tande

[Verse 3]
Kounya examen pral rive Se not kap revize
Elèv ap vòlè kaye lot elev Pou etidye
Genyen ki entelijan Ki pa pran tan pou metrize
Genyen ki telman sot Menm sou moun li pa ka kopye
Wap swe wap sech sou fey Ou preske finn dekonpoze
E depiw pa jwenn poul ou pap santiw byen konpoze
Wap cheche nan poubel menm poul yon lot elèv jete
Defwa w bay fey la blanch malgre sa w fini an dernye
Elèv lise len al lekòl fò’n pa fe woul tande
Elèv kolej len al lekòl fò’n pa fe woul tande
Etidyan professionel yo fò’n pa fe woul tande
Etidyan fakilte al lekòl pa fe woul tande

[Verse 4]
Jodia ou jwenn moun kap fosew pou fe school
Ou chwazi le contraire se boule kob la nan fe woul
Wap swiv gran kouran ki gen paran ki tre cool
Pandanw se pitit soyet Poutan kane pal gentan full
M remake tout moun fin bliye sa lekòl ye
Paran demisyone Tout inifom se rad dekòlte
Pa gen leta paske a la baz nou enkonpetan
Nou gen examp pil neg ki tap fe woul yo tout san konpetans
Se woul ki fe nou gen yon bann dokte chalatan
Yo tout bezzwen dirije pou tiye pep la ak baton
Bliye enpotans lekòl la se inyore pwop tet ou
Fò’n sispann chofe banSinon demen ou pral fe pwop ket ou

[Hook]
Sispann fè woul
Lè’w al lekòl eee
Sispann fè woul
Lè’w al lekòl tande
Avni peyi a li pa lot ke mwen avew li ye
Timoun jodi se nou menm kap granmoun demen tande