Lèt Konsyans • Blaze One

ADDED BY GEN11 (JUN 8, 2019 AT 9:04 PM) 7,720 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2019
Lyrics by: Blaze One

[Intro]
Lèt konsyans
Blaze One Vètè
Magic Touch

[Verse 1]
Ak tout respè m tout onè m m ekri n yon lèt ke m pot ko vle pibliye
Nan non tout Ayisyen k te vote n pou te fè n pi briye
Obligasyon mwen konsène paske n pat vle pou n bliye
Evasyon pèp sa se nou k lakoz richès tè sa fin piye
Nou rezime tout sa k eksplike povrete
Tout sa k vle di san fyète peyi n se kote pòv rete
Nou wè depi se plen pòch son chwa fasil a vize
Lage gheto nan zigzani kot espwa l majinalize
Aristide prèt katolik ki rezon ki te fè w sede
M pa janm bliye premye diskou w lè banyè w te FNCD
Tout pèp la tap mache dèyè w e w te gen mwayen chanje vi l
Nan sal te ye a, nan chomaj èske w te eseye tande kri l
Men sevre yon chè diktatè li pran desizyon l san kouraj
Men Titid pouki w te lese w dirije pa antouraj
Ou se lidè karizmatik la, ti pè k te pou masif la
Elu demokratikman par le peuple se te a vi vwa
En 2001 monte restitisyon w montre w aktif
Pèp la di ou k lakoz li pran mato lajan koperatif
Sann rann kont, zam simaye ki bay gheto plis chimè
Men w te vle ti nèg gen respè menm le n anba n konn vi limyè
Boujwa admèt tout krim k ap fèt defè tou kriz e pou leta
Malgre w tounen w chanje konsèp pat anpeche w pran koudeta
Si lavalas yo ka trayi desann figi bay ti boujwa
Se paske w manke karaktè ak yo w pat dwe bati pouvwa

[Chorus]
Yeah toujours à l’appareil
Vètè à l’appareil
Yeah empereur à l’appareil

[Verse 2]
Pou m fè swit san tounen paj m pa wè rezon pou m poli fraz
M vle ekri w yon lèt konsyans mon ex Prezidan Boniface
M rekonet valè w men di m kisa w fè kò m pasasyon
Se ou k siksede Jean Bertrand paske w te chèf, l’homme kasasyon
Men w vin on yon premye mini spa lòt ke Gerard Latortue
Nan enposib nous sommes tenus li vòlè yon etalaj fortune
Nou pat sispann oprese kou zaboka y aprann keyi n
Chaj jou n fè fas ak lidè dechèpiye machann peyi
Sou gouvènman w lan n fè plis pèt ou vann blan nèg mawon
Ou vann de lyon palè jistis yo pandan yon ti tan tranzisyon
Peyi a san moniman men n pa sijere a vi a
Pouki w vann istwa pèp la ou brote lò Santa Maria
Men w vinn rive fè eleksyon ou ban n Preval malgre l defen
Nan dosye lajan Petro si l pat mouri l tap mete fen
M pa gen anyen m ka akize l nan verite l si g on deriv
Men l kite yon gagotè fò n kesyone Jean Max Bellerive

[Chorus]

[Verse 3]
Martelly m pa vin blame w malgre m panse awe w wout pwogrè n te ka push
S on pèp ki te vote m vle raple w se pat mouch
Jodya ou endekse nan lavi chè n koz gon lajan k mal jere kite vire au verso de la souche
Ou ban n diskou men l pa sufi pou detere n
Ou pa bay peyizan repons kòm prezidan k pi eklere
Pèp la ret sòt paske l tout bèl souvni l e madigra
Sonje w pwomèt lekòl gratis sak fè n vote w sou Manigat
N te gen espwa men lè n gad gouvènman w lan li ranpli ak ti vis
Ou ban n Gary Conille, Laurent Gagòt, Kaplim fè twa minis
Ou te konn di se palmantè k pa vle travay pou nou
Men Prezidan sa w fè pou lajenès ki te batay pou ou
Yo ba w yon pen pou n te manje ak vye ze a
Jodi a pandan n grangou nou plen dèt anvè Venezuela
Martelly peyi a sal pèp la mouri pou jwi lonè w wi
Pa fon grenn lopital men w fè zanmi w yo milyonè wi

[Chorus]

[Verse 4]
Prezidan Jocelerme Privert jodya m vin pou m adrese w
M pa la pou m jije w, si w gen konsyans fòk lèt sa ta blese w
M konnen w santi m ka oze koz lèt sa ranpli ak koze
Men m fè devwa m kòm sitwayen sak fè gen kesyon m ka koze w
Kisa w te itil pèp la ak doktora w fè gwo fiskal
Kisa w te fè pou malere, moun nan gheto vi yo pi sa
Nou tout pase nou piye kòman w santi w lè w malad se Sen Domeng w al lopital
Prezidan m yo mechan nou san konsyans men nou pa vle admèt
Ayiti se nou k rann li pi pòv patou l chaje ak dèt
M konnen l pa ba w pwoblèm Privert lè w wè jèn yo ap pare pakèt
M ap mande eske gon prezidan k ap vin kanpe ak pèp
Dènyèman ou ekri liv gid kontribyab men w pa janm peye on taks
Ou rich pandan tout karyè w nan leta men w pa janm kreye on bras
Soufrans pèp la e progresyon l malgre n wè lavi di
Tou profi n bay raboto se bagdad la siri

[Chorus]

[Verse 4]
Anvan m konkli kite m ini pèp sa
M vle fini lèt sa lidè pèp verite olye n chanje nou pito pini nèg sa
Nou koz pitit tè sa nan mond lan evade
E sak reziye l pou rete tout sa n ofri l se 9 milimèt sa
M pa wè avni lan kondisyon se krim sak san mwen
M vle pou ou prezidan sa kap travèse fristrasyon mwen
Nou ba w rivyè nou ba w solèy nou pa janm wè pwogrè
Sak malad lopital jus kan l mouri li pa janm wè doktè
Pa gen infra kob ap blanchi chomaj pa rakousi
Franchman w fè karavàn gen plis grangou anyen pa abouti
Pwomet avan w monte w ap met manje nan plat nou
Pouki n manifeste se mèsenè w fè jwe nan kràn nou
Bidjè w chaje koutay pou pèp pa detoublay
Sispann mande dyalòg se chak 3 mwa pep la fe dechoukay
M pa ka janti etank jèn m pote tout fado
Jovenel lè w bay pèp manti e kòmsi ou te krache sou drapo w
M pa ekri w pou kouran kòm blakaout nou pap fini
M bezwen konn jan w santi w lè wè kochon an tap manje Vladimir
Konstwi peyi w menm lè w sot ba depann de sans ou
Ou te reponn lèt Tijan ebyen Jovenel m ap tann repons ou