A Mwatye • Vayb

ADDED BY TIZER (APR 22, 2018 AT 8:17 PM) 14,668 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Game Over
Year: 2018

[Intro]
O o (2x)
Sèlman m vle di w si w ap toujou pwoteje kè m
Ooo

[Verse 1]
M ap gade, gade kijan ou ye
Kijan ou transfòme
Men m pa konn si w ap toujou la
Sa n pase, sa n andire
Move tan kou bèl eksperyans
De souvni ki fè m pa santi m ka rete lwen w
M santi avni m avè w pi asire (asire)
Ou se poto mitan ki kore m (kore m baby kore m)
Depi ou la, mwen toujou ap souri
Pa vle di w tanpri, èske w ap toujou rete

[Verse 2]
Ou rantre nan lavi mwen
Ou gate mwen
Nan yon moman, yon ti bout tan
Ou ranje mwen, fè m santi m byen
Mwen pare pou m fè w konfyans
Sèlman m vle di w si w ap toujou pwoteje kè m
M santi avni m avè w pi asire (asire)
Ou se poto mitan ki kore m (kore m, baby kore m)
Depi ou la, mwen toujou ap souri
Pa vle di w tanpri, èske w ap toujou rete
Rete bò kote m, wo o

[Keyboard]
Ha ha ha
Pa sezi, pa sezi
Men nou wi
Bebi mwen pap pran l a mwayte

[Chorus]
A mwatye pa janm dire
Se swa ou chwazi pou ban m vi w tout antye

[Verse 3]
Mwen pwomèt nou kapab viv pi byen
Pa oblije nan plenyen
Se tout ou menm mwen vle w pou ban m
Sans je retiens
Nou ka viv kou de selebrite
Nou gen potansyalite
An nou sispann jwe ak desten n
Pa fè tèt di cheri
[Chorus]

[Verse 3]

[Horns]

[Keyboard]

E e fèt lage
Nou pran lari a
Pye goch, pye dwat
N alèz ak tou de…ha ha
Cheri l pap bon konsa non

[Verse 4]
Si w aksepte
An verite mwen sèmante
Pou ou m ap toujou ye
Si ou ta vle
Ban mwen kè ou tout antye
Mwen pwomèt ou, n ap dire

[Hook]
Pa vle w a mwatye (baby)
Mwen vle w tout antye
(Mwen vle w tout antye)
Pa vle w a mwatye
(Mwen sèmante ke kè w pap janm brize)
Pa vle w a mwatye (baby)
Mwen vle w tout antye
(Mwen vle w tout antye)
Pa vle w a mwatye

[Verse 4]

[Hook]

Cheri se tout tout tout tout pou m ta genyen

[Guitar]
Ha ha ha ha ha
Matematik sa a pa fè sans non la a
2 plis 2 egal 1
Cheri w ap ban m tout
Ha ha ha ha ha
M pap pran a mwatye non papa