Pa Bamn Manti • Djemsly Haïti

ADDED BY MISSMONTREAL (JUN 12, 2022 AT 6:42 PM) 691 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2019

Très souvan
Kèm brize
Mwen mete fos epim reparel
Wi’m konnen
M’vle w konnen
Nan remen tout bon’m egare
Wannik kwazem pou mwen kè ou bat
Menm pa vle aprè pou’w dim al anba
Konnen kè mwen souvan pran kout ba

Yon ti kesyon m’anvi poze’w

(PRE-CHORUS)
Di mwen -Eske wap toujou la
Tanpri di mwen - Eske’w pap jan lage’m
Tanpri di mwen - Eske’w pap brize ke’m
Tanpri ban mwen vérité (baby)

(CHORUS)
Pa banm manti non
Mete’m alèz, mete’m alèz
Pa banm manti non baby
Mete’m alèz, mete’m alèz
(2x)

Si’m dim pa renmen’w konnen sé péché
Men kèm m’anvi proteje
M’ta byen renmen wè’w kote’m kap mache
Menm bouke wè’m avèk dlo nan je
Mwen fé yon pakèt pil eksperyans
Ki pa ban mwen gou pou’m reseye
Yo té mèt fin fèm kwè nan yo
Pi devan sé kèm yo pral blese

Genyen’k fin gate mwen
Ki ale
Genyen’k fin bay kè mwen
Ki ale
Pa vlé fin bay ke mwen
Pou’w ale hey

Yon ti kesyon m’anvi pozeeee’w baby

(PRE-CHORUS)
Di mwen -Eske wap toujou la
Tanpri di mwen - Eske’w pap jan lage’m
Tanpri di mwen - Eske’w pap brize ke’m
Tanpri ban mwen vérité (baby)

(CHORUS)
Pa banm manti non
Mete’m alèz, mete’m alèz
Pa banm manti non baby
Mete’m alèz, mete’m alèz
(2x)

(INSTRUMENTAL)

Relasyon pou 2 jou (mwen pa vle)
Relasyon krazyglue (mwen pa vle)
Relasyon pou toujou (map cheche)
Tanpri God fem jwenn pam nan
(2x)

Mwen bouke jween ak moun ka jwe ak santimanm (bouke)
Ret ak moun kap fèm w’pedi tan
Viva k moun ki pa banm enpotans
Tanpri God fem jwenn pam nan
(2x)

(CHORUS)