Balèn Bouji • Asap Fresh

ADDED BY DIDIER (JUL 27, 2017 AT 10:14 PM) 25,420 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017
Lyrics by: Asap Fresh

Leyogan
Jakmèl
Genlè w poko al Janrabèl
Sanble w pa janm al pòtapiman
Genlè w poko wè jan la bèl
Lè m ansafolè map fè maji
Se pa la kòlè kap fèm aji
Nan men zonbi w ap pran fwèt kach
Se anba tonèl w ap elaji

Balèn Bouji
Genlè w poko janm fè maji
Lè w zonbi w pa gen souf
Tò ou rezon sa se fason m aji
Step pam se
Balèn Bouji
Genlè w poko janm fè maji
Lè w zonbi w pa gen souf
Tò ou rezon sa se fason m aji yeah!

Bilolo hoo! Bilolo x4 Ayibobo!
Ou di w pa konn Sak voodoo
Ou pran nan voodoo
Ou wè lougawoo
Zonbi nan Kay ou
Ougan pran vwa ou
Kounya gad tray ou
Han

Wap Woule chaplè wap fè tikomik
Pandan mwen gentan latibonit
Mwen gentan tcheke tati monik
Zonbi m pi rapid kon pati sonik
M pwal souke tchatcha
Vanpi kou jahjah
Lanmp nan boudaw ka tou fò w pran Lari,
Zonbi w gentan nan kanari
Zanmi w gentan wè w pran lari,
Èzili dantò manman mari
Si w di li mantò w ap anvayi
Mouchwa nan tèt wouj tou fè w jayi
Antite Voodoo yo m konpani
7 bifèt 7 kivèt 7 tèt
Sakrifis Voodoo a fèk fèt
G-$HYTT la la l Poze tèt frèt
Chanpay nap pete nap fè fèt
Lè nou gen tchyiz tou nap woule
Manje kreyòl manman doudou mèt fèy vèt
Se babankou ke nap koule
Temèt se chalè dife so nap fèl frèt
Mouchwa nan tèt nou tout se bizango
Lwa danmbala a te mande siwo
3 fwa 3 fèy 3 sèkèy se nan dlo
Voodoo Haiti à monte si wo hey

Leyogan
Jakmèl
Genlè w poko al Janrabèl
Sanble w pa janm al pòtapiman
Genlè w poko wè jan la bèl
Lè m ansafolè m ap fè maji
Se pa la kòlè k ap fè m aji
Nan men zonbi w ap pran fwèt kach
Se anba tonèl w ap elaji
Balèn Bouji
Genlè w poko janm fè maji
Lè w zonbiw pa gen souf
Tò ou rezon sa se fason m aji
Step pam se
Balèn Bouji
Genlè w poko janm fè maji
Lè w zonbi w pa gen souf
Tò ou rezon sa se fason m aji yeah!

Yeah yeah yeah yeah
Men lougawou sou balkon an
M pwal fè l pa ka vole de zèl li kase
Pase m sèl ki nan galon an
Han ! Han !
Malfektè
Kont vakabon
Lèn use vodou pou mal sa pa bon
Malfektè kap pran pwen sa pa don
Hoo!
Ou kanpe mal nan Kat Kafou
Jan mwen fè Voodoo menm 4 ka fou
N pwal trase Vèvè fè fè paspatou
Jèn vle tiye m
Granmoun vle dejwe
Poukisa n bezwen devyem
Pandan n poste anba jem
W ap pran pòz ou gen ògèy
Ougan tcheke w nan somèy
Ou tankou krab mazòrèy
E n itilize mwate rèvèy
Manman w tande
Ti gason w lan yo vle pran li
G-SHYTT exploze nan figi
Dan pouri gen fòs sou fig mi
Tout moun konnen nou se biggy
Lougawou vole a minwi
Sak tounen chat tounen mimi
E yo konnen nou pa ka janm friki
Nou konnen pa anafè
Nou pa pafè
Nou fè sa ke nou kwè hey!
VIn fè tankou nou

Leyogán
Jakmèl
Genlè w poko al Janrabèl
Sanble w pa janm al pòtapiman
Genlè w poko wè jan la bèl
Lè m ansafolè map fè maji
Se pa la kòlè kap fèm aji
Nan men zonbi wap pran fwèt kach
Se anba tonèl wap elaji
Balèn Bouji
Genlèw poko janm fè maji
Lèw zonbiw pa gen souf
Tò ou rezon sa se fason m aji
Step pam se
Balèn Bouji
Genlèw poko janm fè maji
Lè w zonbiw pa gen souf
Tò ou rezon sa se fason m aji yeah!