Kisaw Fè De Bon • Manito

ADDED BY MANITOHAITI92 (JUN 6, 2018 AT 12:28 PM) 8,745 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2018
Produced by: DiceBeatz
Lyrics by: Manito

Hook Manito
Wale legliz male nan bann (ya know)
Ou pote bib, mwen pote gun (ya know)
Ou enskri lekòl mwen enskri nan gang (ya know)
Ou di'n diferan mwen pa konprann (I don't know)
Kisa'w fè de bon, vin di'm Kisa'w fè de bon(bis)

Verse#1 Manito
Chak dimanch ou legliz, mwen map bwè gwòg
Wap redi travay di, map pase dròg
Wap byen respire, map pran sant jwen
Plen kabann pou layite, map domi seren
Wap danse konpa aa, mwen nan rara
Wap manje zwa, map manje afliba
Wap bwè bon ji, map bwè bon kleren
Ou gon sèl fanm, m chaje pèlen
Ou branche shalom pandan map tande Azor
Lèw malad ou priye, mwen mal Kay bòkò
Zanmiw se nèg a kòl pam yo pa pè tyòbòl
Ou pran lajan pou idòl, mwen m depanse'l san kontwòl

Hook Manito
Wale legliz male nan bann (ya know)
Ou pote bib, mwen pote gun (ya know)
Ou enskri lekòl mwen enskri nan gang (ya know)
Ou di'n diferan mwen pa konprann (I don't know)
Kisa'w fè de bon, vin di'm Kisa'w fè de bon(bis)

Verse#2 Manito
Wap fè afè paw, map fè afè pam
Pa dim kisa poum fè, m gen chwa pam
Ou antre nan politik pou'w vòlè legal
Deal pa mwen yo m fèl anba chal
Ou renmen tande Valmix, mwen banm Tony
Vibe jenès la c Bmix, li bay plezi
Ou se nèg pòdepè, m sot la sous matla
Pa pansew ka fèm pè, m abitye a baka
Ki melem ou abiye chè, m chaje pèpè
Ou nan fè moun wè, mwen map fè siksè
Tout nèg c bilolo bilolo ayibobo
Kounya yo konn sak voudou, mwen m se simbi nan dlo

Hook Manito
Wale legliz male nan bann (ya know)
Ou pote bib, mwen pote gun (ya know)
Ou enskri lekòl mwen enskri nan gang (ya know)
Ou di'n diferan mwen pa konprann (I don't know)
Kisa'w fè de bon, vin di'm Kisa'w fè de bon(bis)

Verse#3 Manito
Se party every day
Shit pam ht yo sou eBay
Bitches and bottles
Make money rain like fat joe
Ou di'n diferan, m poko wè sa
Wap kriye pou fanm, m poko fè sa
Gason w ye my neggo, kite mès sa
What what what the fuck, kite mès sa
Wap pale d pool party, m gon trap house
Pa pran poz seryew, ou tou pè fawouch
Wap pale d fake, bon ou poko real
Popping popping popping , beat la map kill
Feeling higher, neggo ou son liar
You do your shit, I'm doing mine