Pou Fè Non Mwen • Roody Roodboy

ADDED BY NATOU (SEP 29, 2016 AT 9:10 PM) 22,136 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016

[Intro]
Roodboyyyy
Roody Roodboyyyy
He he he he

[Hook]
M batay anpil poum fè non mwen
M Travay anpil poum fè non mwen
M soufri anpil ppoum fè non mwen
Bondye nan syèl la voye je sou mwen
M batay anpil poum fè non mwen
M Travay anpil poum fè non mwen
M soufri anpil ppoum fè non mwen
Pou kotem soti Bondye nan syèl la ki fem rive la

[Verse 1]
Yo
M sonje Epòk problem lavi tap sakajem
Epòk m te nen larim mM tap mache ak kaka jem
Epòk
Epòk m tap mal pase Epòk m tap chache bwas
M tal chache kot mal pase
Epòk papam mouri Bagay sa fon skandal
M tounen machann tennis Machann rad, Machann sandal
Epòk zanmi fanmi tap repouse mwen
Epòk poum fini klekol manmam pat gen kob poul pouse mwen
Epòk m te lèd epòk m te mèg
Epòk m tap plede freestyle nan lari
Epòk m te rèd
Epòk m tap plede graje kita nan tout lekòl la
Epòk manmanm ap fosem al legliz fòsem mete kòl la

[Hook]
M batay anpil poum fè non mwen
M Travay anpil poum fè non mwen
M soufri anpil ppoum fè non mwen
Bondye nan syèl la voye je sou mwen
M batay anpil poum fè non mwen
M Travay anpil poum fè non mwen
M soufri anpil ppoum fè non mwen
Pou kotem soti Bondye nan syèl la ki fem rive la

[Verse 2]
M sonje Epòk
Pep la panse map byen pase ak Olivier
San machin san kay m tankou zonbi msye momifye
Yo fem menas kidnapping m pa mouri Bondyem glorifye
Yo toujou pansem gen likid nan menm kap koule tankou dlo rivye
Epòk map mete kas still map pase deyon moto
Epòk m pat gen swag ak fanatik m te pe pran foto
Epòk yo panse map menen men o fon bagay yo te di wi
Epòk si yo ta ofrim 100 dola poum jwe m pap pa di wi
Epòk poum peye yon beat moblije met telefon mwen nan plan
Lew wem a pye m mete mind m diw ke machine mwen an pan
Aparans plis blof egal rezistans
Fok tet ou la pou lavi sa pa fout ou repiyans

[Bridge]
Kounya lavim chanje
Map di mèsi, mèsi Bondye
Pou kouraj, fòs, determination kel banm poum ramne danje
Ou montrem plizye fason poum defann tèt mwen
Menm si male rive ou montrem jan poum reprann tèt mwen
Ou pa kite move lide nan tèt mwen
Malgre ane pase gen moun ki pansem tap pann tèt mwen
Ou banm pouvwa sou mechan yo ou banm la viktwa

[Hook]
M batay anpil poum fè non mwen
M Travay anpil poum fè non mwen
M soufri anpil ppoum fè non mwen
Bondye nan syèl la voye je sou mwen
M batay anpil poum fè non mwen
M Travay anpil poum fè non mwen
M soufri anpil ppoum fè non mwen
Pou kotem soti Bondye nan syèl la ki fem rive la