Sa M Pa Wè Yo • Gogo Maji

ADDED BY NATOU (APR 17, 2016 AT 12:06 PM) 21,332 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Lyrics by: Gogo Maji

Premye rèv mwen m’sonjel
M’wè bagay m’pat ka konprann
Soti nan mind mwen mande
Comandan tè sa ki plan’l
M’wè simityè m’wè vèvè m’wè sacrifis
Te gen Don nan se te père sa se GOGO fils
Depi lè sa m’konnen ko sa gen pou’l make l’ístwa
Depi jou sa m’konnen nanm Maji pral rele viktwa
Menm lè’m ta eseye mwen paka chanje destine’m
M’mande sa’m pa wè lè’m mouri kijan yo desine’m
Si jamais m’ta fè’n mal m’mande’n padone’m
Pase pre lanmo konbyen fwa pat janm abandone’m
Si’m te pale tout sa’m te wè yo te ka pete je’m
Poutan de je’m te fèmen zanj yo proteje’m

[Ref]
Sèl sa’m pa wè yo k’konn soufrans mwen
Sèl sa’m pa wè yo k’banm souf poum viv
Poutan m’pap janm bliye

[Verse]
Fè chèche savan, Kadav pa monte
Konnen’n te la avan, Sa oblije konte
Kiskeya gaza
Sak mande waza
Sak kwè nan aza
Tanpri fè leve laza
Abiye tou blan, abite touman
Rann sèvis bay chagrin ki banm plis angouman
Piti ginen fèt gede selebre la vie
Chaje mistè kisak ede’n danse ak gran z’espri

[Ref]
Sèl sa’m pa wè yo k’konn soufrans mwen
Sèl sa’m pa wè yo k’banm souf poum viv
Poutan m’pap janm bliye

[Verse]
M’kreye prop posyon’m “maji”
M’lage trè mistik si’w vle mande “magic”
Si kout bagèt la fè yo sadik, sa ka trajik
Abra kadabra mechan yo trè dramatic
Kanpe an fas fo’n ta fèt jou’k
Te gen fè nwa solèy fè limyè jayi
Kouvri tenèb pou premye fwa
M’gen la fwa m’rele lwa yo
Sis tèt mo m’tande vwa yo
Gangster pa gangster y’ap pote kwa yo

[Ref]
Sèl sa’m pa wè yo k’konn soufrans mwen
Sèl sa’m pa wè yo k’banm souf poum viv
Poutan m’pap janm bliye

M’pap janm bliyeeeeee
Poutan m’pap janm bliye
Sèl sa’m pa wè yo k’konn soufrans mwennnnn