Mwen Konfese M • Ti Nèg Lyankou A

ADDED BY STEEVEELREYBEATZ (AUG 15, 2016 AT 4:37 PM) 20,617 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: 0
Year: 2016
Produced by: El Rey Beatz
Lyrics by: Ti Nèg Lyankou A

Lyrics
Mw konfese'm
by Ti Nèg Lyankou a

-Intro -
Mw konfese'm
Se kounya m reyalize manman'm te renmn'm anpil
Se pou sa mw konfese'm
Ti Nèg lyankou a .
Mw konfese'm .

REFRAIN -

Mw mande'w padon
Pou tout sa'm konn fè'w ki pa bon
Oh !
Mande'w padon
Mizik sa se yon konfesyon
Oh !

-verse 1 -
Konfese'm devan bonDye
Konfese'm devan le sen
Konfese'm devan ginen yo
Konfese'm mande padon
Konfese'm pat gen rezon
Pran konsyans ke mw pat bon
Degoutan mw konfese'm
Ti Nèg lyankou m konfese'm
Blòk demannyè m konfese'm
M te bal do nan maladi malgre li vin dim li mouri m pat vire fas ba li
Fè gwo diskisyon ak li
reyaksyon'm fèm pot fado
Yo banm panye pot nan dlo
Lot yo di se mw k'ba li
Men depi lè'l fin mouri m pa bouke jwenn bèl souvni
Kounya li kap ban'm kado pa fwa m ta anvi kriye
Nan je'm li kap siye dlo
Di piti mw pran kouraj
Manman'w pap janm ba ou do
Pitit mw i love u so ..
MW KONFESE'M

REFRAIN-

Mw mande'w padon
Pou tout sa'm konn fè'w ki pa bon
Oh !
Mande'w padon
Mizik sa se yon konfesyon
Oh !

Verse 2 -

Konfese'm mande padon
Konfese'm devan ginen yo
Konfese'm devan bonDye
Konfese'm devan le sen yo
Konfese'm mande padon
Konfese'm devan zanmi yo
Konfese'm devan fanmi yo
Konfese'm devan enmi yo
Manman pouki se kounya wap fèm jui ti love sa yo
Manman pouki se kounya wap fèm viv bèl vi sa yo
Manman pouki se kounya wap ban'm afeksyon sa yo
Manman pouki se kounya'w vle louvri tout pot sa yo
Manman pouki se kounya wap trete'm tankou yon biblo
Manman pouki se kounya'w chwazi moutre'm chimen yo
Pouki'w pat janm vle tande'm lèm te di'w sak fè'm mal yo
Pouki'w pat janm vle tande'm lèm te di'w sak nan kèm yo
Pouki'w pat janm vle tande'm lèm di'w non pou'w pa fè yo
A koz maleng nan kèm yo fè jodi a m pot fado
Degoutan m konfese'm devan Bon Dye m konfese'm
Dmannye m konfese'm devan le sen m konfese'm

REFRAIN -
Mw mande'w padon
Pou tout sa'm konn fè'w ki pa bon
Oh !
Mande'w padon
Mizik sa se yon konfesyon
Oh !

Verse 3 -

Mw konfese'm , konfese'm devan Bon Dye
Konfese'm devan ginen yo
Mw konfese'm ,konfese'm devan zanmi
Komfese'm devan fanmi yo
Mw konfese'm
Mw konnen'w va kondane'm
,mw konnen ke' w padone'm
Men BonDye gen pou jije'm ,
Mw konfese'm
Konfese'm mande padon
Konfese'm pat gen rezon
Mw konfese'm , mw konfese'm
Dmannye mw konfese`m
Fè'm santi'm endispansab
Kounya mw santi'm koupab
Sak di m pat gen dwa fè sa
M pat gen dwa aji konsa
Kèlke swa sak te pase
M pat gen dwa te fèl konsa
M pa bezwen di poukisa
Li deja twò ta kounya
Pou fason jan ou trete'm
Pwòp konsyans mw repwoche'm
Fè jodi a mw konfese'm
Mw konfese'm
Degoutan
Mw konfese'm
Ti Nèg Lyankou a
Di nèg yo mw konfese'm

REFRAIN -

Mw mande'w padon
Pou tout sa'm konn fè'w ki pa bon
Oh !
Mande'w padon
Mizik sa se yon konfesyon
Oh !
..........................................