Viv Ayiti • TPO

ADDED BY TIZER (MAY 14, 2015 AT 11:37 AM) 21,281 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Viv Ayiti
Year: 2015
Lyrics by: TPO

[Intro]
Ah oui, c’est la Perle des Antilles
A wi mwen renmen w cheri

[Hook]
So m ap di viv Ayiti, viv Ayiti
Mwen fyè mwen Ayisyen

[Verse 1]
Mwen di mwen fyè mwen Ayisyen
M pap wont di sa
Fòk nou gade anlè, non m pap mache tèt ba
Tranbleman an te pase e nou still kanpe djanm
On ti tan ki pase e n fè anpil avansman
Ayisyen li lè li tan pou n soutni peyi nou
Montre tout moun la Perle des Antilles nou
Nou tout gen menm san kit ou rich ou malere
Nou g on bèl ti peyi, fò n kenbe l pwòp an n netwaye
Lè y ap montre lòt il yo parèt kou paradise
Kounya menm se tou pa nou pou n montre ke n gen vibe
Ayiti manje nou gou
Vin n danse twoubadou nou
Gen plezi prèske chak jou
E nou gen bèl kanaval tou
Tè beni sa a men yo pa konn sa
Ansanm ansanm Ayisyen nou pral ranje sa
Pour les aieux ,pour la patrie, men peyi m nan cheri
Pour les aieux ,pour la patrie, pou Ayiti m ap mouri

[Pre-hook]
Bienvenue en Haïti
Ah oui, c’est la Perle des Antilles
Bienvenue en Haiti
A wi mwen renmen w cheri

[Hook]
So m ap di viv Ayiti, viv Ayiti
Mwen fyè mwen Ayisyen

[Verse 2]
Bagay yo ap chanje, kounya yo vin konplike
Men nou kapab di ke nou g on peyi tout bon vre
Kounya an nou mete tèt ansanm pou n ka rive
Nan yon pyen kote m pa bezwen ale a letranje
Men gen anpil bagay lakay nou ke nou ka pouse
An n ale andeyò pou nou kapab plante
E lè nou fin plante n ap kapab ekspòte
Apre sa w ap wè n ap pi avanse
Ou s on peyi beni, je t’aime Haïti
Konnen w pa konnen kijan nou kapab fleri
An n kite prezidan an fè travay li – on y va
An nou pwoteje sa n bati deja – on y va
Bon solèy, bèl moun — wi bèl kote
Pwodi lokal nou g on verite
Mwen fèt lòtbò men se la m vle rete
Blan yo wè sa k genyen, je yo pa pete
Mwen di w se pa vre si yo di Ayiti pa pral okenn kote
Se pa vre si yo di ke nou menm nou pap janm vanse
Mwen di w se pa vre, se pa vre
Se jis gade, w ap wè sa li ye
So n ap rele viv

[Hook]

[Guitar solo]

[Pre-hook]

[Hook]