Ti Chans • Masters

ADDED BY DIDIER (JAN 5, 2014 AT 1:06 PM) 14,499 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Fo'n Pale
Year: 2000

[Refrain]
Nou mande yon ti chans pou Ayiti
Nou mande yon ti chans pou sa chanje
Yon ti chans pou lapè ka regne
Yon ti chans pou bonjan van soufle
Nou mande yon ti chans pou Ayiti
Nou mande yon ti chans pou sa chanje
Yon ti chans pou nou jwenn libète
Yon ti chans pou lavi chè a bese

[MC BOP]
Prete-m micro a tanpri pou m' wè si m' te kapab di
De twa mo pou Ayiti, gadon vye pti peyi
Pou Babylòn vin tonbe sou li
Fòk yo ta plat li, fòk yo ta kraze li
Yon kolòn lach k' al an afè ak yon pakèt apach
Di dyab bonjou l' ap manje-w
Pa di dyab bonjou l' ap manje-w
Bò dèyè chalamamit(?)
Jevèt ap kalewès, se tousa ou peye an US
Pandansetan pèp la pakab manje yon bon diri ak grès
Ti jenès fòk nou kriye rele, nou pa gen dwa pè pale
Lang nou se sèl zam nou posede pou n' defann nou, peyi nou
Ann di yo: Bay sa w' ka bay pa pwomèt sa w' pap bay
Nan ki klan moun sa yo ye, nan ki kan pou n' kanpe
Nou fin pa dekouvri se zafè pa yo y' ap regle
Se pa tanndat kat la pral bat
N' al an afè ak yon kolòn diplomat
Nou twò piti pou'n konprann sa kap fèt la a
Je-n pa klere ase pou-n wè sa k' ap pase la a
Tout sa ki ka wè yo fout tout kout milyon
Tout sa ki ka goumen yo fout tout nan prizon
Jodi a pa twò piti pou yo fè-m sispann ekziste
M' konnen yo ka di: Ti bonòm sa, lang li twòp pou li
Li pale twò gwo koze
Kite mele-m yon nèg vle touye-m
Sa pa gade-m yon nèg vle elimine-m
Ou k' ap touye kò a men ou pap ka touye nanm nan
M' pa pè peta sou tè sa a paske m' gen Senyè a
Yon ti chans m' ap mande, yon ti chans souple
Ban-n yon ti chans, si nou vle
(Peyi-n se pa-n)

[Refrain]
Nou mande yon ti chans pou Ayiti
Nou mande yon ti chans pou sa chanje
Yon ti chans pou lapè ka regne
Yon ti chans pou bonjan van soufle
Nou mande yon ti chans pou Ayiti
Nou mande yon ti chans pou sa chanje
Yon ti chans pou nou jwenn libète
Yon ti chans pou lavi chè a bese

[Baby One King]
Kèt moun sa yo genlè avèg, yo pa tande, yo pa wè
Men yo wè tou senpleman
Lè yo gen negosiyasyon lajan sèlman
Sepandan yo pa janm kapab eseye koute
Lè ti pèp la ap kriye pou lavi chè a bese
Tandiske pou valè èd nou gen ki antre
M'ap mande ki kote lajan sa yo pase
Men di mwen non ki kote yo kache
57, that's it, de sièk an sièk ti nèg ap vin pi vòlè
Vin pi akrèk, malfetè, magouyè, blofè
De jou an jou olye nou viv pi byen, n' ap viv pi mal,
Jwèt la bosal, tou patou moun ap mouri soufri grangou
Paske bann sendenden yo, bann sankonsyans yo
Pa janm vle bay peyi a yon chans
Nou di ase, n' ap rele anmwey,
Lage peyi a tanpri souple
Ban-n yon chans

[Hook]
Blan swa w' la pou bon swa w' pa la, monblan
Swa w' la pou bon swa w' pa la
Blan swa w' la pou bon swa w' pa la, monblan
Swa w' la pou bon swa w' pa la, blan
Ou mechan, ou mechan, ou mechan

[Refrain]
Nou mande yon ti chans pou Ayiti
Nou mande yon ti chans pou sa chanje
Yon ti chans pou lapè ka regne
Yon ti chans pou bonjan van soufle
Nou mande yon ti chans pou Ayiti
Nou mande yon ti chans pou sa chanje
Yon ti chans pou nou jwenn libète
Yon ti chans pou lavi chè a bese

[MC BOP]
Mwen retounen ankò
Ban mwen-l vit, pa kite-m fè jefò
Cheke-m micro a pou-m plen pip yo
Bann tilolit gwotrip yo
Konesans pa ni nan pye ni nan ponyèt
Konesans se nan tèt
Nou gen de je pou n' gade e nou gen yon memwa pou n' sonje
E nou pa gen dwa janm bliye mizè moun sa yo fè n' pase
Nou se piti anba gwo, a chak fay nou KO
Nou gen twòp lidè visye
Nou pap janm gen yon nèg ankò tankou F2(?)
Sispann vann peyi a an detay
Li ka bon pou ou men li pap janm bon pou nou
Lajan an se nan pòch ou l' pral ye
Men mizè a se pou pèp la l' pral ye
Se pa tanndat pèp la ap lite, anpil tonbe
Rekonpans yo se lamizè, lavi chè, kout baton, imilyasyon
Reflechi byen, mes frères haitiens
N' ap viv nan kontinan ameriken
Premye puissance nan mond nan se les Etats-Unis
Tandiske la n' ap pase mati
Anba men yo, anba pye yo
Poutan yo la, yo pa janm di yon mo
Sa sa sanble, se yon konplo
Pou voye nou tout nan peyi san chapo

[Hook]
Blan swa w' la pou bon swa w' pa la, monblan
Swa w' la pou bon swa w' pa la
Blan swa w' la pou bon swa w' pa la, monblan
Swa w' la pou bon swa w' pa la, blan
Ou mechan, ou mechan, ou mechan

[Baby One King]
Sa k' ap pale an aksyon e la criminalité
Tout zak terorist, zak bandi
Moun t' ap gade nan TV
Tout vin reyalite an Ayiti,
Peyi a tou piti li fin koronpi
Lè w' nan lari se lè w' rantre ou konnen ou sove
Negro(?) pistolè ak gwo wouzi toujou prèt pou lage nèg atè
Touye yon nèg ki konsekan just pou yon ti lo lajan
N' ap viv nan yon sitiyasyon kote tout moun an danje
Sivil kou militè, gran nèg kou malere
Se vi nou tout ki menase
Si n' pa fè yon jan pou n' desitire grangou
Negro(?) pistolè ap vin pi chimè