Lè M Wè Fanm • Michelet Guerrier

ADDED BY GUERRIMICH (MAY 31, 2015 AT 9:54 PM) 12,681 VIEWS EDIT

Genre: Reggae
Year: 2015
Featuring: LG
Lyrics by: Michelet Guerrier

Lè m Wè Fanm

Lè m wè fanm li gonw jan li fèm santi m
Lè w wè fanm di m kijan li fè w santi w
Lè m wè fanm li gonw jan li fèm santi m
Lè w wè fanm di m kijan li fè w santi w

Refren

Lè m wè fanm, lè m wè fanm
Si m te mòl, mwen vini djanm, lè m wè fanm
Lè m wè fanm, lè m wè fanm
Mwen tankonw vanpi ki wè san, mwen pèdi nanm

M pa konn kiyès yon jou ki te di fanm se malè
Men sa eksperyans bay montre li gen plis ke valè
Yo gen kèk kalite k kapab fè pye w pèdi tè
Si nou onèt ase n ka di n prefere ret anlè è è

Pa di m se premye fwa w tande yo se pote mitan
Kidonk yon kay san yo pap ka kanpe devan van
Yo se sèl, se epis ki bay lavi nou gou
Yo se myèl lavi ki fè anmè pike pi gou ou

Refren

Lè m wè fanm kè m kontan m gen pikotman
Yon ti souri avè m ban m karakteristik agranman
Gadonw kreyati k senbolize lavi
San ma baby m ta ka mande m ta ka mande kisa m tap ye san li
Mwen pa twò konnen
Men mwen sèten mwen pa tap ka pi byen en

Lè m wè fanm m tankonw poulen ki wè chwal
Mwen santi m pran dann bann mwen tounen kanaval
Lè m wè fanm m sonw nonm ki nonw dèzè ki jwenn yon fontèn
Mwen sonw vye telefòn ki jwenn bon antèn
San efò apèl mwen pase e
Epi gade minit pa boule e

Refren

Lè m wè fanm se tankonw manje ki byen fèt e ki bèl
Lè m wè fanm se tankou plim poul kreyòl kap woule nan zòrèy
M pa vle rete sou tè kounya
Map mande pou m monte nan syèl
Lè m wè fanm m depale tankou malandren kap bwè gwòg di nan vèy
Lè m wè fanm m ta byen swete y pike m ak kwenna nan lestomak li yo
M pap care pou tetanòs
Yo tap ka trete mwen comme il faut
Yo se bon doktè
M tap byen kontan al fini vi mwen nan klinik yo
Konsa m pa tap janm plenyen
Mwen tap gen tou sa m gen bezwen

Lè m wè fanm, Lè m wè fanm, Lè m wè fanm, Lè m wè fanm
Lè m wè fanm, Lè m wè fanm, Lè m wè fanm

Pawol ak Mizik: Michelet Guerrier