Jouk Ki Lè • Steeve Khé

ADDED BY JESS24 (NOV 9, 2016 AT 12:08 AM) 16,693 VIEWS EDIT

Genre: Reggae
Year: 2016
Lyrics by: Steeve Khé

[Intro]
Tout glwa se pou Bondye
RASTA
Apre BonDye wi se ginen an adjee
Jouk ki lè wo o o wo
Jouk ki lè wo o hey

[Verse 1]
Dlo koule nan je m tankou larivyè
Ki pral tonbe nan lanmè
Depi m tou piti M wè pèp sa ap pase mizè
Gwo tanta toujou fèmen je yo pou yo pa janm wè yeah yeah
Depi Lafrik o chaye n nan gran bato
Travèse anpil pas dlo
Yo te fè n soufri anpil o
Gen sa ki di ke se te pwòp frè n pwòp sè n Ki te trayi n o
Nan kondisyon sa se sèl BonDye ka di on mo
M rele BonDye BonDye okipe BonDye ap travay o
M rele lèsen lèsen di m pèp sa pèdi lafwa
Yo pa konnen kisa pou yo fè avèl ankò

[Hook]
Jouk ki lè, jouk ki lè
Pèp sa ap rive wè klè
Jouk ki lè, jouk ki lè
Ya rive sòti nan mizè
Jouk ki lè, jouk ki lè
Ya rive jwenn kèk bon lidè
Jouk ki lè, jouk ki lè
Ya rive viv kon frè ak sè

[Verse 2]
Politisyen se pa jis pale pou w pale
Se pa zafè pèsonèl ke w vi n regle
Lèzòt di n ke li vini lonje n lanmen
Poutan se de pye n de bra n yo vi n koupe
Bwote tout richès peyi a ale
Ale nan peyi a yo
Moun ki plase pou ta fè respekte lalwa
Poutan se yo menm ki ape kraze sa
An nou travay nan enterè peyi a
Pa vi n fè bèl diskou fè l sèvi pou dra yeah yeah
Louvri je n tande pou demen pa tris o

[Hook]
Jouk ki lè, jouk ki lè
Pèp sa ap rive wè klè
Jouk ki lè, jouk ki lè
Ya rive sòti nan mizè
Jouk ki lè, jouk ki lè
Ya reaprann bay moun valè
Jouk ki lè, jouk ki lè
Ya rive viv kon frè ak sè

[Outro]
Jouk ki lè o BonDye
Jouk ki lè o Santa he he
Jouk kile o JahJah
Jouk kile o we we
Jouk kile Bondye
Gade zanfan yo jahjah
Gade timoun yo papa
Jouk ki lè o yeah