Kibò Pou M Kanpe • Michelet Guerrier

ADDED BY GUERRIMICH (MAY 31, 2015 AT 9:15 PM) 13,008 VIEWS EDIT

Genre: Folklore
Year: 2015
Lyrics by: Michelet Guerrier

Kibò Pou m Kanpe

Ta a, ta dim ta dim ta, ta dim ta dim ta, ta dim ta dim ta
Ta a, ta dim ta dim ta, ta dim ta dim ta, ta dim ta dim ta
Mpa konn sou ki bò pou m kanpe
Mpa konn sou kiyès pou m apiye e
Mpa konn sou ki bò pou m kanpe e e e e
I
Mwen pran nesans nonw katye nan yon fanmi
Tou piti m gade m wè map grandi
Katye plezi men anpil nan yo pa pè redi
Pou yo chache lavi
Mwen tou piti m kòmanse ede zanmi, fanmi
Ansanm pou nou konstwi yon avni
Paske n konsyan kot granparan n yo soti
Nou gen pou devwa chanje lavi
Men nou pou kont nou
Li difisil pou aksyon n yo pa gen tou
Tcheke vwazen, tcheke zanmi fanmi
Tout sa yo fè se ri

Refren

M pa konn sou ki bò pou m kanpe
M pa konn sou kiyès pou m apiye
M pa konn sou ki bò pou m kanpe e e e e
II
Ou gonw boubout avèk li w’aprann bat lavi
Pou lavi kapab fleri
Paske tout rèv ou se wè n toulede ini
Pou lavi, jiska lenfini
Lite w lite ponw seri malè pa rive
Chache w chache mwayen pou w fè lavi n chanje
Malerezman w sanble fè kove pou setan
Tout sakrifis ou yo pa reprezante anyen gran

Refren

III
Ou non w peyi kote w gen dwa pouw viv alèz
Tout kote w pase sèl sa ou wè se falèz
Malgre efò chak jou ou fè pou w pa tonbe
Se pa de tak sou wout glise ou rankontre
Malgre w vole fè yo fè flay pou yo ale
Otorite leta yo menm yo la pou yo bloke w
Poze kesyon pou ki rezon ou pa konprann
Yo pran tou sa fè gwo depans fè pwopagann
Si w kale je w pou ou mande sa k’ap pase
W’ riske pase tout ti rès vi w nan vye Penitansye e e
Mwen wè pwoblèm, Mwen wè pwoblèm, Mwen wè pwoblèm (x 4)

Sou kibò pou m kanpe sou kiyès pou m apiye
Ansanm ansanm an nou chache solisyon an
Ansanm ansanm an nou chache solisyon yo

Pawòl & Mizik : Michelet Guerrier
2015