Tragedie • Djakout Mizik

ADDED BY GEN11 (APR 22, 2015 AT 7:45 PM) 13,485 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Jistis
Year: 2006

[Verse 1]
Yon vendredi aprè midi mwen tal promenen
Men dan la men ak madam mwen
Nan mitan lari a nou tap mache
Zafè malè sa pat nan lide'm
Ee konsa a tout vitès yon machin pase,
Li vide madam mwen atè

[Refren]
Doudou di'm se pa vre,
Mwen k'te konpran male pat fèt pou mwen
Eske se nan rèv mwen ye
Cheri di'm se pa vre (cheri di'm se pa vre)
Mwen k'te konprann malè pat fèt pou mwen
Eske se on fim kap monte

[Verse 2]
Sa fe 2 jou mwen lopital, zyem pa janm femen.
Devan pot la, m'ap tan rezilta
Finalman yo louvri pou'm sa rentre
Le a rive pou'm pran santans mwen
E se konsa dokte a di “I am sorry there is no more chance”
Li paralize pou lavi

[Refren]
Doudou di'm se pa vre,
Mwen k'te konpran male pat fèt pou mwen
Eske se nan rèv mwen ye
Cheri di'm se pa vre (cheri di'm se pa vre)
Mwen k'te konprann malè pat fèt pou mwen
Eske se on fim kap monte

Mwen pa't ka kwe
Fok mwen reziyen'm
Siye dlo nan zye ou cheri, la vi a poko fini
Mwen pa vle we ou kap krye
Si ou krye l'ap pi fatal pou mwen

Tragedi lavi gache tout bèl projè
Menm si move van rache tout branch lespwa
Sonje n'te jire, jire ak tout kè'm,
Kelkeswa jan sa ye
Sèl lanmò gendwa separe nou

Siye dlo nan zye ou cheri,
La vi a poko fini
Mwen pa vle wè ou kap krye
Si ou krye l'ap pi fatal pou mwen

Pouchon ou kwè ou pap kite'm

Le manman ou pat vle'm pou ou
Chawa pa'w se te mwen menm
Si ou andikape, mwen pap lage ou
Mwen pa mechan ase

Lè papa ou pat vle'm pou ou
Chawa pa'w se te mwen
Si lavi mete yon obstak devan'n
Ansanm pou'n travese'l
Ansanm fòk nou travèse
Difikilte la ci nou oblije


BIOGRAPHY
  • The group started in 1996, based in Carrefour, Haiti, Djakout Mizik is notable for their slow jazzy style and have produced songs such as Septieme Ciel, Naje Pou Soti, and Biznis Pam. The first performance of Djakout Mizik on an American network Television was in 2007 and was the first performance with the famous Wyclef Jean. In fact, this performance set the stage for their subsequent performances in the later years. It also set the stage for their successes in music as the days went by. Studio albums: Defi Leve, Jistis, Live Biznis pa m', Mannigueta, Love Songs, Live Mechan Mechan, The Family, Septieme Ciel