Listwa • Mizik Mizik

ADDED BY TIZER (APR 8, 2015 AT 4:26 PM) 13,933 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Blakawout
Year: 2000
Produced by: Fabrice Rouzier

[Verse 1]
Ou genlè panse w’ap viv pou tout tan
Avan w bat je w, w’ap mache sou baton
Si w’ap kraze, divize pou renye
Yon pèp inosan ki de bra pandye
Sonje gen yon je k’ap gade w
Oh ou oh ou oh
Ki sa w’ap fè pou jijman dènye

Ou oh ou oh
Men bagay la
Ou oh ou oh
Sa se reyalite m’tap pale w la
Fòk ou koute, fòk ou reflechi, Fòk ou obzève sa
Oh oh ou oh
Men bagay la
Ou oh ou oh
Sa se verite m’tap pale w la

[Verse 2]
Sa listwa ekri pap janm efase
Lè zèv ou pi wo, ou gen plis chans pou hero
Pa viv an solo ni bay kou nan do
Nou tout ki la a g’on misyon pou n ranpli
Fò w fè l pou listwa pa jije w
Ou oh ou oh
Se sa lavi a

[Bridge]
Lè w konn istwa w, sa ka ede w konnen kiyès ou ye
E ki kote w sòti
Ki devwa w anvè peyi w
Yon erè yon sèl moun ka koz yon milyon lòt soufri
Wo oh…yeah

[Keyboard solo]
Ki djazz sa a?
Sa se Mizik Mizik

[Hook]
Eske nou mande?
Kisa nou panse listwa va di de nou?
Eske nou mande?
Kisa nou panse listwa va di?

[Chorus]
O si nou chita n’ape kraze peyi nou
Listwa va jije n
Si nou chita n’ape preche divizyon
Listwa va jije n
Si nou chita nou pa chèche fraternite
Listwa va jije n
Mwen di kisa n mande,
Kisa n panse listwa va di de nou demen

[Hook]
Eske nou mande?
Kisa nou panse listwa va di de nou?
Eske nou mande?
Kisa nou panse listwa va di?

[Chorus]
Pa pale (5x)
Pinga w pale nan zafè moun

Mwen di Thomas Madiou
Roger Gaillard
Pinga n pale souple

Pa pale (5x)
Pinga w pale nan zafè moun yo
Wo oh

Oh pinga n pale – Pinga pale
Menm si w wè y’ap kraze – Pinga pale
Menm si w wè y’ap piye – Pinga pale
Pase peyi n anba pye – Pinga pale
Pran nou tout ak kout pye

Pa pale (5x)
Pinga w pale nan zafè moun yo
Jean Claude Dorsainville, pinga w pale
Si ou pale, y’a di w pale twòp

Pa pale (5x)
Pinga w pale nan zafè moun yo
Wo oh
Ebyen y’a fè sa yo vle

[Keyboard solo]

Le konpa
Ou jwenn

Oh oh oh oh oh…

Ha ha ha ha woy
Men moun yo
Daniel Fils-Aimé, ou jwenn

[Chorus]
Pa pale (5x)
Pinga w pale nan zafè moun yo
Wo oh

Pinga pale
Menm si w wè y’ap kraze – Pinga pale
Menm si w wè y’ap piye – Pinga pale
Pase peyi n anba pye – Pinga pale
Pran nou tout ak kout pye

[Hook]
Eske nou mande?
Kisa nou panse listwa va di de nou?
Eske nou mande?
Kisa nou panse listwa va di?