Noël • D-Zine

ADDED BY TIZER (DEC 24, 2017 AT 7:53 AM) 13,483 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Match Rèd
Year: 2000
Produced by: Arly Larivière
Lyrics by: Arly Larivière

[Verse 1]
Minwi sonnen
Un peu partout y ape chante vive La Noël
Y ape selebre la naissance de Jésus Christ
S on fèt san diskriminasyon
Minwi sonnen
Sa k pral lamès sa k pral chèche la delivrans
Sa k ap chèche kote yo jwenn yon reveyon
Pou yo kapab koule bweson

[Verse 2]
Nowèl fèt lajwa, fèt lanmou
Jour de réconciliation pou tout sa k fè yon ti fache
Nowèl fèt lajwa fèt lanmou
Nowèl se jou kretyen reyini
Ansanm pou yo lapriyè, chante, selebre
Nowèl granmoun, timoun tèt kole
Rich kou pòv bay lanmen pou yo fete
Lè tout timoun kontan
Yo tout yo nan lari
A l on bèl epòk se Nowèl
Se tan ladelivrans
Lè tout timoun kontan
Yo tout yo nan lari
A l on bèl epòk se Nowèl

Bon mezanmi, nou la
Alò n ape travay

[Chorus]
Fèt la fèk kòmanse
Nou bezwen Alize
Li lè pou nou manje
Tonton Nwèl pral pase (sa l ye?)

Fèt la fèk kòmanse (ouais)
Nou bezwen Alize
Li lè pou nou manje
Tonton Nwèl pral pase

Kounya la fèt la kòmanse (en hen)
Fèt la fèk dekole
Tèt anba, tèt anba
Woy n ap fete
Kounya la fèt la kòmanse
Fèt la fèk dekole
Tèt anba, tèt anba
Woy n ap banboche

[Verse 3]
N ap fete, n ap fete, n ap banboche
Woy n ap fete
Wa pase pran Carole, pran Marjorie pou n al fete
Woy n ap banboche
Na monte Petion Ville, wi Cap Haitien pou n al fete
Woy n ap fete
Monte New York City, Montreal pou n al danse
Woy n ap banboche

[Chorus]
Kounya la fèt la kòmanse (en hen)
Fèt la fèk dekole
Tèt anba, tèt anba
Woy n ap fete
Kounya la fèt la kòmanse
Fèt la fèk dekole (oh)
Tèt anba, tèt anba (hm)
Wo n ap banboche

[Verse 4]
Pandan n ap fete, fò nou priye pou tout sa k ap soufri
Woy n ap fete
Menm lè n ap fete, an nou sonje tout sa ki nan prizon
Woy n ap banboche
Timoun ap soufri, granmoun pa ka manje, pa bliye yo
Woy n ap fete
Pandan n ap fete, fò nou sonje
An nou sonje, sonje
Woy n ap banboche

[Chorus]
Fèt la fèk kòmanse
Nou bezwen Alize
Li lè pou nou manje
Tonton Nwèl pwal pase
(Hahaha)
Fèt la fèk kòmanse (wouy)
Nou bezwen Alize (anbyans, anbyans)
Li lè pou nou manje (òtch)
Tonton Nwèl pwal pase

Alo jènjan, yo di m kado a pare à Paris
Men se ou k pou al chèche l
Paske UPS pap delivre (UPS pa delivre)
FedEx pap delivre (an han)
DHL pap delivre (wa pran Concorde la)

Tout timoun nan lari ap chante
Tout timoun nan lari ap rele
Tonton Nwèl sou do kay la
Tonton Nwèl andan kay la
Tonton Nwèl sou kabann nan
Tonton Nwèl anba dra a (se pa vre)

Tout timoun nan lari ap chante (ouais)
Tout timoun nan lari ap rele (kè w kontan)
Tonton Nwèl sou do kay la
Tonton Nwèl andan kay la
Tonton Nwèl sou kabann nan
Tonton Nwèl anba dra a (òtch..hmmm)

[Keyboard solo]
Tonton Nwèl papa
Pach Pach
Larivière a kontinye ap desann wi
O o o (rpt)
Sanmil kopi

[Horns]
He he he hey
Hmmm
Eya
Ey ey

[Chorus]
Kounya la fèt la kòmanse (en hen)
Fèt la fèk dekole
Tèt anba, tèt anba
Wo n ap fete
Kounya la fèt la kòmanse
Fèt la fèk dekole
Tèt anba, tèt anba
Wo n ap banboche

[Horns]
Mesye van yo, pouse bato a pou mwen
Hahahahahaha
Men sa k D-Zine lan
Merry Christmas