Lakay • Tabou Combo

ADDED BY TIZER (JAN 19, 2014 AT 10:06 PM) 33,319 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Sans Limites
Year: 2000

Ayiti ala'm kontan wè'w.
Pòtoprens, pou jan m'anvi wè'w.
Ayiti ala'm kontan wè'w.
Haïtiens, mes frères, pou jan m'te anvi wè'n.

Depi ayewopò, mwen santi'm transfòme
Radyo, televizyon, jounalis, tout te vinn rankontre m
Yo soti tout kote pou yo vinn akeyi nou
Mwen te telman sezi, mwen pat menm ka pale

An n chante!

[Chorus]
Ala kontan m'kontan aswè a m'nan peyi'm, (Mezanmi!)
Ala kontan m'kontan, aswè a m'avek zanmi'm
Ala kontan m'kontan, aswè a m'avek fanmi'm yo
Ala kontan m'kontan, aswè a m'nan peyi'm.

Sikilasyon bloke sou tout wout Montana
Onzè diswa sonnen, n'ateri Chez Harry's
Nou bwè bon Barbancourt, nou manje bon griyo
O! Mèkredi premye mas, s'on jou m'pap sa bliye
A'nn chante!

Ala kontan m'kontan aswè a m'nan peyi'm, (Mezanmi!)
Ala kontan m'kontan, aswè a m'avek zanmi'm (Wi, se vre)
Ala kontan m'kontan, aswè a m'avek fanmi'm yo
Ala kontan m'kontan, aswè a m'nan peyi'm.

[Hook]
Ayiti cheri, se ou k' ban'm lavi
Menm si mal kite'w, yon jou fòm retounen nan pye'w.

Ayiti cheri, “Perle des Antilles”
Menm si m'al kite'w yon jou fò'm retounen nan pye'w.
Ayiti kinan mwen, Ayiti bèl fanm mwen
Menm si m'al kite'w yon jou fò'm retounen nan pye'w.

Ayiti cheri, se ou k' ban'm lavi
Menm si mal kite'w, yon jou fò'm retounen nan pye'w.

Ayiti cheri, (Ayiti!) se ou-k ban'm lavi (Manman mwen!)
Menm si mal kite'w, yon jou fò'm retounen nan pye'w.

“Perle des Antilles,” Ayiti cheri
Menm si m'al kite'w, yon jou fò'm retounen nan pye'w.
Ayiti Toma, mon pays cheri,
Menm si m'nan Nouyòk Siti, yon jou fò'm vinn dodomeya nan pye'w

Ayiti cheri, se ou-k ban'm lavi
Menm si mal kite'w, yon jou fò'm retounen nan pye'w.

Lanèj mèt ap tonbe, fò'm ale travay
Nou bouke!
Li mèt "below zero," m'oblije al ponche
Nou bouke!
Menm si mwen fatige, fò'm al peye "bill" mwen
Nou bouke!

Nou bouke!
Nou bouke manje manje chinwa
Nou bouke!
Nou bouke antre nan tou "subway"
Nou bouke!
Nou bouke bat lè nan faktori

[Hook]
Ayiti cheri, se ou k ban'm lavi
Menm si mal kite'w, yon jou fò'm retounen nan pye'w.