Ayiti Vs. St- Domingue • Nicolas

ADDED BY DIDIER (MAR 28, 2015 AT 11:25 AM) 18,439 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015

[Intro]
Yah man Nicolas Niqqa
Fuck sendomeng

[Verse 1]
Sonw èn ki la depi sou tan lakoloni
Manje dominiken fin tuye ayisyen ap kolorin
Avè yo'n vle fè afwontman
Chak choz a son tan
Desalin jodia m pa fyè pou mwen diw m se asandan'w
25 an ap pase tray anba jean Pierre Boyer
Kite sèvinn pongongon kounya lamizè ap fè'n baye
Kraze lekòl fè mache
Fè lekòl sèvi'n mach pye
On bann vye salami pou'l sosis pouri yap fè'n achte
Son glwa pou'n frèn yo k'ap kwit sendomeng
Nou pakonn wont dim eske son chen ki te baw nen'w
Sendomeng pa peyi rich yo gen plis entant pase'n
Sonje se nou k' tap komande yo nan yon ti tan pase
Se de nasyon diferan k'ap viv souw tikaltè
Droit de l'homme pèdi pouw ka jwenn li fow ta genw tit albè
Ayisien fin pèdi lavi yo mal laba
Tuyen' kraze'n tankouw vye malabar

[Refren]
Gen moun ki panse ayiyi son ekstrèm povrete
Wap kwaze tout sak pabon lakay nou jis pou denigren'n
Sendomeng ou echwe, raplew se nou ki tap komandew
Sispann touye frè nou yo lage manman nan dlo nan je
1804 ayisyen montre w ke tout black ka reyini
1904 nou fete sentenè peyi'n e nou te rejwi

[Verse 2]
1937 dominiken touye 20.000 ayisyen ak bal akonye ap fizi yo
Granmoun , timoun kadav yo tounen manje chen masak sa te òdone pa prezidan trujillo
Anpil nan fre'n yo fin mouri sou fontiè dejabon
Dominiken trèt ak bèl akèy pa panse'n deja bon
Depi 1844 yo koupe tout kontak avè'n yo di se nou koz reta yo sou devlopman ekonomi
Retire tout move san anndan ki an kontak ap veine montre yo fyè'n se ayisyen e n' gran an otonomi
Nou pran twòp mepri twòp wonte , twòp vye èd rabesan
Tèt nou n'ap detwi ann montre yo nou se yon pèp ak rezon
Premye nasyon nwa ki bay egzanp ap tout lòt
Kounya yap chase'n kòm nomad fou'n deyò ap kout bòt
Fuck! Gad istwa w ti peyi apovri
Kwayans selman poun' mete konsa tout pòt ap ouvri

[Refren]
Gen moun ki panse ayiyi son ekstrèm povrete
Wap kwaze tout sak pabon lakay nou jis pou denigren'n
Sendomeng ou echwe, raplew se nou ki tap komandew
Sispann touye frè nou yo lage manman nan dlo nan je
1804 ayisyen montre w ke tout black ka reyini
1904 nou fete sentenè peyi'n e nou te rejwi

[Outro - Français (Talking)]
A l'heure où la mort risque de nous faire douter de la vie
Seigneur sois très fort avec nous dis nous tes promesses de salut
Dis - nous ton fils resusciter dans cette nuit où il ouvre une brège de lumière..
Tiens -Nous debout
Rest in Peace a tous nos frères tués , pendus à St domingue
Que la terre vous sois légère Mes frères