Se Pa Nou Tout • BIC

ADDED BY TIZER (MAY 9, 2016 AT 4:41 PM) 20,168 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Lyrics by: Roosevelt

[Hook]
Nou tout bezwen soti paske nou tout nan tou
Nou tout bezwen manje paske nou tout grangou
Nou tout vle respire paske nou tout rakou
Nou tout ap mache chache lavi toupatou
Men se pa nou tout ki prè pou akspete yo koubi do nou
Se pa nou tout ki prè pou machande fyète nou
BIC di se pa nou tout nan koridò yo
Se pa tout jèn gason yok a fè tounen mendò yo
Se pa nou tout

Nou tout grangou men nou tout pa ti grangou

[Verse 1]
Kenbe kenbe la, piga lage
Ayiti se yon pyès kay, se nou poto a ye
Kanpe kanpe la, pa deplase
Moun ki pa renmen nou yo, se yo ki pou demake
Nou se jenès, sa vle di nou se baton lavyeyès
Veye nan antouraj ou tout moun ki genyen move mès
Pa kite yo mete pri sou tèt ou, ou pa komès
Kenbe flanbo a pou l pa tenyen
Menm si ou pa soti nan fanmi ki gen gwo mwayen
Gen twò lontan yo trete w tankou rad sal
Menm jan mwen gen lontan m pa ba w plezi nan dancehall

[Hook]

[Verse 2]
Mwen konnen ke nan geto li pi difisil
Sante nou pa pi solid ke yon fisèl
An plis yo pran nou tout pou pitit Cecil
Donk detèminasyon se sèl zam nou posede
Pou n reyisi fòk nou obsede
Lè tantasyon yo vle tounen gwo menas
Ou bezwen kanpe an kiba dachi defas
Pa bliye se nou, nou tande?
Ki dwe chofè tèt nou

[Hook]

[Outro]
Nou tout bezwen soti paske nou tout nan tou
Men se pa nou tout ki prè pou kite yo demonize nou
Nou tout vle respire paske nou tout rakou
Nou tout ap mache chache lavi toupatou
Men se pa nou tout
Se pa tout jèn nan geto ki kite yo pran yo pou tisina
Se pa nou tout
M ap voye yon gwo kout mikwo pou jèn k ap soufri men ki kenbe la


BIOGRAPHY
  • BIC marries rap and folk to deliver poignant critiques and observations of the Haitian society. In 2000, he launched his musical career as a member of the rap group Flex. Then he formed the duo BIC (Brain. Intelligence. Creativity.) and adopted the acronym as his stage name. In 2010, he went solo and started his record label, Tizon Dife Records. Since 2006, BIC has served as Goodwill Ambassador for several organizations, including the Haitian Basketball Federation and SPEDH (Support Social pour les Enfants Démunis d'Haiti. Since 2012, he has served as Ambassadeur de la Francophonie alongside BélO and Jean-Jean Roosvelt. In 2014, BIC won Institut Français's VISA pour la Creation residency and spent three months at the Cité Internationale des Arts de Paris completing his dual language album, Recto-Verso. His sixth album, Vokabi-Lari, was released in May 2016.