Invictus • Mc Dave

ADDED BY MCDAVE (MAR 16, 2015 AT 12:25 AM) 21,035 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Invictus
Year: 2015
Produced by: Vivo Beatz
Lyrics by: Mc Dave

Chorus
Destenw gen poul briye
Zetwal ou briye
Kontinue priye (3)

Verse 1

Mwen gen don tankou mozar
Mwen gen kouraj mandela
Mgen talan tankou Joba
E mrebel kou che Guevara
Gen moun ki sezi we mson krak
Yo panse yo ka detounenm
Antouraj mwen konn banm gro tak
Le sa mfek kare nan goumen
Sou wout lavim mjwenn tout obstak
Men mpajanm kase tet tounen
Map goumen pou demenm
Dlo santi mbouche de tou nenm
Depim fet mwen nan touman
Lavim son chok des titans
Malgret tou mret konsekan
Move tan mvin pi konpetan
Gen moun ki konn kotem soti ki we janm devwe yo jalou
Si gro van tanpet pa jetem yo realize mson mapou
Mson guerrier mgen sa nan san
Moun ki konnenm relem boukman
Batay ak nanm ak devouman
E chak grenn pansem son volkan
Mreve gran kou Alexandre
Gen moun ki panse mson demon
Si obstak pa reduim en cendre
Muzik ak liv servim le pont
Gen joum leve mpran lari a moun we mgen figi bandi
Mtelman frustre ak tout fos mwen sou rev yo msanti mta bondi
Yon vye beg nan dom tou deprime mgen 2 livr yon kaye
Depim maten mpa goute dlo fret men fom al nan fakilte
Vye kom feb lesprim dispoze
Efor mfe mpresk indispoze
Mpa gon goud , men mta manje lte met dis poze.
Yon soley ap kangrennenm mswaf mta vidon ti dlo sou tet mwen
Mkonn piti k kanpe anfas la wi mdwel mpoko peye det mwen
Rapid vit mkase tet tounen msanti tet mwen ap vire
Mpakonn kote poum met pyem ankor se van kap potem ale
Lem vin gen ti konesans mwen sou chandmars mal refugye
Sou yon vye chez mwen beset et mwen ti dormi potem ale
Apeine mfe sa mreveye
Mtandon neg kap fon deba
Men moun an fas la pafe pwa
Koz se gro tez kap avanse
Mfon ti proche poum koute
Mgadel de la tet o pye
Yon ver kleren yon cigarett soulyel chire lap depoze
La menm mcherche informe yo dil fini fakiltel
Se janw wel sou chandmars la depil fe jou lap drive
Msouke tet mwen mreflechi si se pa konsa vim pral ye
Lew we ti jeune ki plen kapasite mizer fin detripe
Mal gre tou mret motive
Mtankon tireur embusque
Map goumen ak tout fyetem
Bondye sel ki konn sam vize.

Chorus
Destenw gen poul briye
Zetwal ou briye
Kontinue priye (3)