Mwen Bezwen Yon Fanm • Pierre Jean

ADDED BY DIDIER (DEC 1, 2014 AT 7:12 PM) 33,083 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Produced by: Maestro (Ti Ansyto)

Di yo sa
Nou sonnen on lòt jan

Mwen bezwen yon fanm

[Refren]
Mwen bezwen yon fanm kap konprann mwen lèm pale
Menm lè m pa gen kòb ki pap voye’m ale
Kap aksepte’m kit mwen dread ou tèt kale
Ki pap trete’m tankou fatra yap bale
Mwen bezwen yon fanm, yon fanm
Yon fanm ki gen fanm nan fanm li

[1]
Yon fanm kap ret avèm menm lè m pa bal chato
Menm lè m’ ale bien lwen problem pap fè li banm mato
Li pap fè neg fè blag sou mwen kou ti bato
Ki pap refuze mayi mouyen blanch mwen kou gato
Yon fanm kap respecte’m menm lè m nan foto
E lè m bezwen fè love jamè ki pap banm poto
Ki pap tronpe’m a neg kap roule auto
Pandan m pa ka fè kado yon kawotchou moto
Fòk li pa maledve, fok li trè rezève
Fòk se on moun ki chaje ak sajès fòl bien elve
Fòk li pa gran lajè ni fòl pa tapajè
Fòk li respekte tèt li e fò ti pie’l pa lejè

[Refren]

[2]
Pou li m se wou m se kabwèt
Pou’l se tanbou m se bagèt
Pou’l se legliz mwen se kèt
Li se bwapen m se alimèt
Li se je m se linèt
Pou’l soulie m se chosèt
Pou’ll se kò mwen m se tèt
Li se rido m se fenèt
Pou’l se madanm mwen m se mari
Tankou Joseph ak Marie
Pou’n tankou France ak Paris
Depi’l pa la mwen pa ri
Avèl map gen tout pari
M pa care lè’l sot nan lari
Fanm sa lèm swaf se li k pou senbolize dlo kanari’m

[Bridge]
Se pa fanm kap fèm pran zam al vòlè
Fòk se pa yon moun kap fèm fè kòlè
Sou beat sa pou li fòm ka fè djòlè

[Refren]

[3]
Fanm pam nan fò’l boude lèm leve san on goud
E lè map pale fòk li pa pran pòz soud
Fòk sonw fanm ki pap janm lage mwen nan wout
Fok sou li pou lod maladren pa fè kou
Fòl konnen ‘l se fanm e mwen menm mwen se gason
Pou’n viv bien tankou lanmè viv avèk pwason
Poun mache ansanm tankou vèvè ak ason
Pou’n se pwason kraze nan bouyon

Natasha siw vle marie pito’w chache mete – fanm nan fanm ou
Si’w pa vle divòse pito’w chache mete – fanm nan fanm ou
Si’w vle jere fwaye’w pito’w chache mete – fanm nan fanm ou
Se vre – fanm nan fanm ou
Mpa tande – fanm nan fanm ou
Cherie siw vle marie pito’w chache mete – fanm nan fanm ou
Si’w pa vle divòse m diw – fanm nan fanm ou
Si’w pa vle neg la kite’w pito’w chache mete – fanm nan fanm ou
Yea yeah yeah – fanm nan fanm ou

[Outro]
Mwen bezwen yon fanm kap konprann mwen lèm pale
Ki pap trete’m tankou fatra yap bale
Mwen bezwen yon fanm, yon fanm
Yon fanm ki gen fanm nan fanm li