Kenbe La • Rock Fam

ADDED BY LILPETER3 (DEC 3, 2017 AT 4:29 AM) 16,846 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Demaske
Year: 2017
Featuring: Nickenson Prud'homme

Lè n’ap byen gade franchman gen kèk bagay ki komanse bamm degou
Jèn fi alèkile pa nwui pou kite lakay yo pou 22 jou
Se nan baz yap vire(hanhann) lavi yap gaspiye (hmmhmmm)
Paran menm ap depanse nan edukatyon pou avni ka asire
Valè moral yo finn ale tankou se yon vwayaj ki san retou
Jèn gason kounya fè tankou yo bliye si lavi a plen detou
Ou pa wè’w pa tande(hanhann) se baz wap apante (hmmhmmm)
Zanmi kap baw vye konsey yo lè’w tonbe nan problem yo pap kanpe.

Ou jèn ou bel fonw ti tan pou reflechi
Pou’w we vreman si se chemen saw te dwe pran
Si’w fè nouvel wap konnen byen pouki yo di’w
Evite zanmi kap metew devan.
Gade kounya non’w ekri tout kote
Lè’w nan problem tout moun ap gad ale’w
Pa gade chay ki mezi’w pou pote
Ata menm manman papa paka pale’w
Zokiki gen foli limena
Ti mafi gen foli limena
Poko rite depite w gen foli limena
Ou pa menm ka fonw labouyi ou gen foli limena.

Pa fè tenten nan lavi ou konnen demen ou ka regrèt
Pa prete bagay nan men okenn zanmi ou konnenw paka remèt
Diyitew ale nèt vi prive’w gaye nèt
Pa janm kite foli lavi gide’w a l´echec

[CHORUS]
Lavi pap diw ou pa janm konn demen sak ka sere pou wou
Kenbe la
Mal aji jodi demen pa gen pesonn ki pral peye pou wou
Kenbe la
Saw ap tande se dlo nan je
Kenbe la
Poukiw vle afronte tout gwo danje
Kenbe la

Kenbe la kenbe la
Kenbe la kenbe la
Kenbe la kenbe la
Kenbe la kenbe la

Se pa chak jou wap jwenn moun sipote’w kenbe men’w
Pou fon’w ti mache
Ou dwe chwazi sak ap bon pou travay pou demen’w
Pou sa ka mache
Sa vle di pou sispann fè twop ekse
Ase di ke moun pa baw respè
Ou ka fe pati nenpot vye sektè
Men sa pa vle di ke’w se yon moun ki eksè

Konnen tout depar gen yon arrive
Selman’w gen dwa pa konnen kilè’w ap rive
Ou ka pa genyen wi wi sa ka rive
Men fok ou konnen kwoke chapow kot menw ka rive
Tout kategori confondu nan paspouki
Pa rete konte sou bon zanmi ou ka ap soufri
Li ret kanpe tann la mann tonbe jou kap kouri
Ou ka ap kouri jou kap souri

[CHORUS]

Kenbe la ti cherie doudou
Pa janm konnen kisa la vi a rezeve pou ou
Pa kite moun pran plezi sou ou
Fow pa bliyew gen diyite pou prezeve toujou
Mete tet sou zepol ou
Fok ou sispann fe neglijans sou lekol ou
Gen chay pou ka we ki trop lou
Pa kite vagabon fè bri sou do tol ou
Pa gen moun kap ret tann ou
Saw te aprann jodi demen kap defann ou
An nou aprann apresye lavi Bondye bannou
Pa fè eksè pou sa kap fè nou pèdi tan nou
Respè pou paran ki pa vann pitit yo
Pametel deyo se pa sanw ki pi cho
Chita pale avel fèl konprann limit yo
Byen ak mal devan wa pran saw pi pito

[CHORUS]