Manmzèl • Olicase

ADDED BY DIDIER (DEC 30, 2018 AT 7:35 PM) 6,016 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2018
Lyrics by: Olicase

[Intro]
Olicase music
We e e wa a a

[Verse 1]
Lè manmzèl ap pase l gon wodè laroze
Kape swiv li kape flote
Ki fè bon anj mwen souke
Son plezi pou m gade lè manzèl ap trese
Anba on ti jup byen plake yon kachèt peche
Se pa dat m ap priye pou yon jou n ta kwaze
Pou je nou ta kontre lòlòj mwen chavire, chavire

[Hook]
Manmzèl manmzèl
Manmzèl manmzèl
Manmzèl manmzèl
Manmzèl manmzèl

[Verse 2]
Pa gen nèg nan zòn li an ka di ou wè ti fanm sa manje l déjà
Yo apresye l tout sa l ap fè yo vle lonje l le bra
Pale de fanm non l pa site ou pap gen bèl deba
Li pap souzestime w si w adrese l li pap manke w dega
We e e wa a a e sou manzèl ou vle monte ti gason wa aa
Konsey map ba l fò l kale je li menm prezidan pale de li
Si yon nèg ta wè lap pot yon chay sou tèt li pral ede li
Di m konbyen fwa w wè yon mèvèy depi wap viv
Gade l sèlman san ou pa bwè kleren epi wap iv
Li se yon bèl kreyòl bèl black nan dòmi li fè m depale
Li pa nan pase krèm po li pa dekale

[Hook]

[Verse 3]
Pou marabou m wè k nan peyi sa Ayisyen nou ka rich
Mete yo an valè ba yo travay pou yo pa bitch
M renmen ti koule kafe a li pa jan de moun kap bleach
Li gon devan emaye epi dèyè l g on bon kabich
Si m ta gen chans genyen w nan vi mwen m pa tap gen somèy
Tankou lè w gen yon mayi wap veye lè w met nan solèy
Manmzèl bèl li bay pwoblèm e se tout nèg li epate
Si w g on move ide pa ret devan lan deplase
Pran swen ti fanm lakay yo tanpri souple
Yo tankou mango mi kap bay plezi sou pye
Nèg ki pat gentan pran gòl yo tonbe souke
Avèl ou pap pwoblèm pou n ret nan telefòn ansanm
Menm ke wap bat night
E si l ta ba w on bil nigga ou pap mind

[Outro]
We e e wa a a