Pa Pou Pyès Pati • Action

ADDED BY ZOKLO (JAN 19, 2017 AT 8:29 PM) 16,683 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017
Produced by: Actionbeats
Lyrics by: Action

[INTRODUCTION]
Oh oh oh oh oh oh oh oh

[BABY HAITI]
L'union fait la force
Se Tet ansanm ki pou fè'n mâche pou pi devan oh oh oh oh

[ACTION verse 1]
Si'w pa renmen Peyi'w Ou pap janm konprann sa'm pral di la a
Si ou kwè nan salte ou pap janm met men ede propte
Ou pa konstwi wap kraze Ou pa mete wap brûle
Si vrèman w renmen Peyi w Ann met tet ansanm pou'n avanse
Mpa pou pyes pati (non non non)
Yo tout gen menm pawol (yeah yeah yeah)
Konbyen tan'n genyen nap vote Ou wè sa pa janm mache
Li lè pou'n repanse Se nan men nan men nap rive

[ACTION chorus]
Mpa pou pyes pati (non non non)
Yo tout gen menm pawol (yeah yeah yeah)
Ou pa konstwi wap kraze Ou pa mete wap brule
Si vreman'w renmen peyi'w Ann met Tet ansanm pou'n avanse

[BLACK NELDY verse 2]
Ayiti pam, Ayiti paw, Ayiti pa nou...
Sin' mete men nan men nap met manje nan plat nou...
Peyi pa konn chanje, nou ki pou chanje...
Fò nou fè tèt nou travay, pou nou chanje mantalite nou...
Nou pa fè, nou boule, nou kraze, nou bwize...
Devan lòt nasyon, nou tout pèdi respè nou...
Gad e kijan nou fè zansèt yo wont...
Nou pèdi kilti, nou pèdi tradisyon nou...
Nou bezwen travay... (Eh eh!)
Nou bezwen sekirite. (Eh eh!)
Nou bezwen peyi'n chanje. (Eh eh!)
Nou Pa P.P.P. (Eh eh!)
Ngiphuma eCongo... Yithina ama African...
Se tèt ansanm nou te mete, pou nou te pwemye repiblik nwa

[ACTION chorus]

[ACTION bridge]
Ou te ka ede peyi'n mache
Ou pap fel ou pap fel
Ou pito peye kraze'l
Aprè'w kanpe wap ri
Ou mechan ou mechan

[JUDEMAI verse 3]
Yè Judemai ook fèm domi grangou leve grangou jiskaprezan m san espwa,
Ou pran gou vin goute tou sanw pa panse chanje sa,
Peyim nan twou ou menm tou ou konplis nan kraze sa,
Yeye yeyeye fòw kite sa,
Ou mèt posede ou vwayaje se ayiti ki figi ou,
Pa neglije se sal ye fok ou lute pou patri ou,
Fok ou panse fok ou kreye pouw ka chanje ayiti ou,
Ni pa pansew pral gaspiye ak moun ki nan pati ou,
Pala selman poum fè mizik poum reproche nou
An nou travay prouve pagen bèl peyi ke nou,
Yo rekonèt endepandans premye nwa se nou_
M swete poun fè efò pou lot peyi felisite nou.

[ACTION chorus]

[ACTION Outro]
Wouch, Actionbeats, Action whatsapp, Baby Haiti, Black Neldy, big up, aha aha aha, wou wou.