Papa San Travay • 55aktif

ADDED BY 55AKTIF (JUN 13, 2016 AT 7:09 PM) 18,346 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Produced by: Hosound Studio
Lyrics by: 55 AKTIF

[Entro]
Olicass banm yon ti volume nan kas la tanpri
Mizik sa se poutout papa kipap travay yo reskonsablite yo tout se sou may yo big up big pope vital ou tandem

[Refren]
Mw se yon papa ki pap travay sou do M gen anpil chay
M pa jwenn prete m pajwenn travay
Nan lari ya m a met may
Lekol poum peye Lwaye kay poum
Peye
Pou Mw lavie A konplike chak jou fom bay lamanjay (bis)

[1er vès]
Mw se Yon papa kipap travay
M papou le 2 m pa pou le 3
Mw pagen chèk mò m pa gen vivan
Chay Ki sou dom GEN anpil pwa
Madanm pitit poum bay mange
Chak lekol la pou Mw peye
Em GEN fanmi pou m jere
M chage tizanmi sou kote
Sou mw espwa yo tout mete
Se Byen konte mal kal kile
M gen volonte Men m pap travay reskonsablite m tout sou may
Bagay yo krash dè fwa M vole Mw pajwenn poul Mw pa jwenn pay
Se gran may map bay
Mw pa vle fòse lanati
Poum papase nan ge zegwil
Lavia ban m yon kle kou
Tout problèm yo met pye sou koum
Siw poko ka konprann toujou
Lèw papa Wap konprann Yon jou
Mete timoun lekol se youn
Voye l lekol chak jou se 2

(Kob bwat Wap fè nan Yon mwa
Li ka peye yon trimès lekol la )

Si ou pap travay ou wè Ki kaw ou Pagen kredi nan Men machann
Pyès moun pap mandew kisa w pot pou vann
Mizè grangou a kenbew nan gagann
Ou oblije se bondye wap tann Madanm pitit ou paka defann


[Refren]
Mw se yon papa ki pap travay sou do M gen anpil chay
M pa jwenn prete m pajwenn travay
Nan lari ya m a met may
Lekol poum peye Lwaye kay poum
Peye
Pou Mw lavie A konplike chak jou fom bay lamanjay (bis)

[Vès 2]
Sou yon moto yon bon patnèm
Mw te konn bay 2 kout gidon
Semèn pase police kanpe m
Pou lisans mw pat genyen
Eli potko menm GEN asirans
Nan lari A mw tap pran yon chans
Bagay yo mal Pase
Dandi bakup la kanpe mw gentan wèm penitansye
Mw oblije repanse
Gad Yon touman
Tout bon Mw pran nan ron
Lavi ap bam Mw degoutans
Bagay yo konplike
M pagen rele m pagen reponn
mresi santim bouke
Imilyasyon ak desepsyon
Se yo m toujou kwaze
Anpil fwa m konn anvi touye tèt mw
Menm pakonnen demen kisa
Lavia sere pou mw
Nan lari m pavle kite pitit mw drive pouse bon prochen ki pral longe li lamen
Okipasyon mw anpil
Mw gen anpil det poum peye
Mw konn soti dèfwa nan kay la sanmanti mw pè antre
Sekomsi li te ante lèm kouche m pagen domi nan je lespri mw toumante

[Refren]
Mw se yon papa ki pap travay sou do M gen anpil chay
M pa jwenn prete m pajwenn travay
Nan lari ya m a met may
Lekol poum peye Lwaye kay poum
Peye
Pou Mw lavie A konplike chak jou fom bay lamanjay (bis)

[Outro ]
Respè pou tout Papa ki pap travay anndan getto yo
Sa kap vann dlo papa kap lave machine yo
Chofè moto kamyonèt bus yo (graphiccute le chonchon