Timoun Yo • Kowkow

ADDED BY DIDIER (JUN 11, 2015 AT 1:24 AM) 19,726 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Lyrics by: Kowkow

[REFREN]
Si n kwè nan chanjman Konn sistè m nan kapab chanje
Ak yon lòt ideyoloji Men nan men n ap vanse
Si n kwè nan chanjman Konn sistè m nan ka devlope
Ak yon lòt ideyoloji Men nan men nou prale

Timoun pa ti bèt ( non )
Timoun se fiti peyi a
Timoun pa ti jwèt ( non )
Se yo ki fiti lavi a -bis-

Pouki gen tan timoun konsa K ap dòmi nan kwen lari yo
Pouki pa janm gon moun vrèman vre Ki genyen yon plan pou yo
Chak vyòl zak malonèt Yo di se rat nan lari yo
Pouki, pouki èske se je nou ki pa wè yo
Pandan y ap dòmi nan lari Gen moun k ap dòmi nan chato
Pandan yo nan move lavi Gwo palto ap koupe gato
Si vrèman timoun se avni San yo demen n pap gon peyi
Pouki n pa pran yo edike yo Aprann yo li ak ekri
Se yo menm ki pran grandi Demen k tounen gang
Ah! wi se yo demen k pral fouye Pitit ou kenbe l nan gagann
Anpil nan yo fè volè, kadejak, kidnapè
E w pap ka kenbe yo Nan kalite gwo zak y ap fè
So avan n mande padon nou dwe evite
Pi devan pou n pa kriye Imajine kote peyi an t ap ye
Si chak gran nèg te chwazi ede
Ak edikasyon, Nou t ap konbat analfabetizasyon.

[REFREN]
Si n kwè nan chanjman Konn sistè m nan kapab chanje
Ak yon lòt ideyoloji Men nan men n ap vanse
Si n kwè nan chanjman Konn sistè m nan ka devlope
Ak yon lòt ideyoloji Men nan men nou prale

Timoun pa ti bèt ( non )
Timoun se fiti peyi a
Timoun pa ti jwèt ( non )
Se yo ki fiti lavi a -bis-

Si n ta kwazon timoun nan yon kwen nan lari
( ohh ohhh oh oh )
Ou paka bal yon monnen bal yon ti mo fè l souri
( he heeee he he )

Pa di l kokorat sa pot depresyon e kraze moral
Ba yo anpil lanmou, sajès respè sa se devwa n
Timoun se yon zanj tout timoun se yon anj
Wè yo nan lari a se pa yo tout ki danje
Poze tèt ou kesyon kòman yo fè pou yo manje
Pa menm gon rivyè pou yo plonje
Timoun yo dòmi sal, timoun yo dòmi mal
Se yo k fiti peyi a politisye n pa dwe kè kal
Nan lari a n ap wete yo, fè lekòl pou n mete yo
Pa ba yo bwè dlo pi tanpri ba yo dlo k trete yo
Nou pap enfi m yo nou pral enstwi yo
Nan 10 zan peyi n va gon bèl fiti nan men l
Wohhhhh oh ohhhhhhhh

Timoun pa ti bèt
Timoun pa ti jwèt
Timoun pa ti bèt
Timoun pa ti jwèt
Pa ti jwèt, pa ti jwèt....

[REFREN]
Si n kwè nan chanjman Konn sistè m nan kapab chanje
Ak yon lòt ideyoloji Men nan men n ap vanse
Si n kwè nan chanjman Konn sistè m nan ka devlope
Ak yon lòt ideyoloji Men nan men nou prale

Timoun pa ti bèt ( non )
Timoun se fiti peyi a
Timoun pa ti jwèt ( non )
Se yo ki fiti lavi a -bis-