Ou Pa La Tonton Nwèl • Lionel Benjamin

ADDED BY MASAKADIE (DEC 24, 2015 AT 12:05 AM) 15,335 VIEWS EDIT

Genre: Folklore
Year: 2015
Lyrics by: Lionel Benjamin

[Intro]
Tonton Nwèl kote w ye
Tonton Nwèl kote w ale
Chak ane n ap tann ou
Chaka nou espere w

[Verse 1]
Si w konnen ke w pap vini tanpri pa kite m ekri w
Tonton Nwèl mwen nan yon peyi kote timoun ap soufri
Anpil papye gaspiye, anpil tikè dechire
Tonton Nwèl kote ou ye, Tonton Nwèl kote w ale

[Pre-chorus]
Ou mèt syèl la bèl mwen pa gen zye pou m wè l
Mwen pap gen yon bèl nwèl siw pa la Tonton nwèl
Mwen pa gen abdenwèl menm yon ti atifisyèl
Men nwèl mwen te ka bèl si w te la Tonton Nwèl

[Chorus]
Ou pa la Tonton Nwèl, ou pa la Tonton Nwèl
Ou pa la Tonton Nwèl – Tonton Nwèl kote ou ye
Ou pa la Tonton Nwèl – sa fè lontan ou pa pase
Ou pa la Tonton Nwèl – sa fè lontan m ap tande w
Ou pa la Tonton Nwèl – mwen pa janmen bliye w
Ou pa la Tonton Nwèl Ou pa la Tonton Nwèl

[Verse 2]
Èske m ta ka espere ke ane sa sa ap chanje
Ou pa prale lòt kote e w ap fè yon ti pase
Gen de lè m anvi souri men m pa su ke w ap vini
Depi ke manman m mouri mwen poukount mwen nan lari

[Pre-chorus]

[Chorus]
Ou pa la Tonton Nwèl, ou pa la Tonton Nwèl (4x)

Tonton Nwèl w ale te gen timoun ke w te bliye
Tonton Nwèl pase se pa tout kote li ale
Tonton Nwèl w ale men gen timoun kape chante
Tonton nwèl men gen timoun ki pa jwenn limyè mezanmi

Gen timoun kap chante gen timoun kap kriye
Tonton nwèl pase vre men gen kote l bliye
Gen timoun kap souri, gen timoun kap dòmi
Gen timoun k ap reve, Tonton nwèl pa bliye yo non

Ou pa la Tonton Nwèl, ou pa la Tonton Nwèl
Ou pa la Tonton Nwèl – Tonton Nwèl
Ou pa la Tonton Nwèl – Ayiti pi bèl
Ou pa la Tonton Nwèl – lè w pase vin wè l
Ou pa la Tonton Nwèl –Tout timoun kontan
Ou pa la Tonton Nwèl – tout timoun ap ri
Ou pa la Tonton Nwèl – Tonton nwèl fon w jan