Special • Roody Roodboy

ADDED BY DIDIER (AUG 15, 2015 AT 8:00 PM) 31,802 VIEWS EDIT

Genre: Folklore
Year: 2015
Featuring: Rutshelle

[Intro]
Maestro
It’s Roody Roodboy and Rutshelle
Di yo sa

Special tu es, special à mes yeux
Special tu es, special special

[Roody Roodboy]
Ou toujou la pou mwen lè pwòblèm yo ap debòde
Ou fè m konpran reyalite ke dan ak lang konn mòde
Lè nou pa ka al nan yon resto n reziye n n pran yon pate kòde
M vin gen plis matirite ou rann lespri m pa bone

[Rutshelle]
Ou se premye nèg ki fè m konn gou lanmou
Imajine sèlman lavi m san ou banm degou
Ni mwen ni ou deside pou nou ret soude
Pou n pa janm lage

[Refren]
Lè w ban mwen love baby (2x)
Sincerite, fidelite, afeksyon ke m mande w
Lè w ban mwen love baby (2x)
Se tout bagay sa yo ki fè san ou mwen pa ka viv

[Roody Roodboy]
Baby san ou mwen pa ka viv
Lè m ap pase rad w ap fè lesiv
Lè w ap lavi diri
M pran pilon m pile powo m pile siv
Respè m baw fè m pa nan triche avè w
Devan zanmi devan fanmi m pa nwi m afiche m avè w
Lanmou m pou ou se on santiman fondamantal
Ki fonde ak kò ki fonde ak nanm e ki fonde ak mantal
Nan kèm mwen chase hèn ak jalouzi santiman sal
Kounya m vin romantik e m vin trè santimantal

M chwazi mete lanmou kòm ?
Jalouzi vin febli santiman m pou ou
Mwen prè pou m antre menm nan lanfè
Depi w avè m mwen la fòm fè tout sakrifis pou ou

Ou se fanm mwen – nonm mwen
Feblès mwen – fòs mwen
Richès mwen oh non non non
Ou se trezò mwen – mwatye mwen
Avni mwen
Lanmou mwen

[Refren]
Lèw ban mwen love baby (2x)
Sincerite, fidelite, afeksyon ke m mande w
Lèw ban mwen love baby (2x)
Se tout bagay sa yo ki fè san ou mwen pa ka viv

Special tu es