Lè'm Wè'w (Live) • Mandela

ADDED BY TIZER (NOV 25, 2014 AT 3:57 PM) 20,682 VIEWS EDIT

Genre: Haitian Jazz
Year: 2014
Lyrics by: Mandela Jean François

[Verse 1]
Lè m wè w mwen santi mwen gen remò
Mwen santi lavi m an dezakò
Lè mwen wè w mwen fou, mwen dou
E dèfwa m’santim pèdi kontwòl tou
Lè mwen wè w mwen santi fòs mwen double
Mwen mande Bondye pouki lanmò egziste
Lè mwen wè w mwen pèdi pèsonalite mwen
Moun ap gade mwen malgre yo pa ka konprann mwen
Lè mwen wè w mwen santi m fèb, mwen fò
M’pa pozitif ni negatif, mwen pa gen pwen fèb ni pwen fò
Lè m wè w, se tankou fwomi ki mòde mwen,
M’ap graje m’pa wè kote m’ta mete kò mwen
Lè mwen wè w mwen santi se mwen ki towo a
Fason w mache, se nan ou k gen sekrè lavi a

[Hook]
Ou mèt lajwa nan kè m cheri doudou
Epi w fè mwen konn sa k rele lanmou

[Verse 2]
Se paske w tèlman bèl
Ki fè lè m wè w je m klere tankou chandèl
Kote w pase ou kite rèl
Nan je tout moun ki di w “je t’aime demoiselle”
Lè mwen wè w m’pale tout lang ki egziste
Paske sa k’ap pase andan m se gwo koze
Lè mwen wè w, mwen gen gou lavi a
Mwen se Colomb epi w se Santa Maria
Avèk ou ti doudou m’vle fè pakou lavi a
Epi tou ou pa menm bezwen mande m poukisa
Pawòl sa ta pran pale nan tout peyi a
Se konsa ou jwenn lanmou nan men Mandela
Lè mwen wè w m’anvi vole tankou malfini
Mwen pa vle pou lanmou n kòmanse pou l pa fini
Se sa k fè menm si m’pati ou mèt kwè m’ap vini
Pou n viv yon lanmou k plase jiska lenfini
Lè m’wè w syèl la chanje koulè
Santi m’towo tankou m’se Dye d’ latè
Ou se gita m, ou se mizik an mwen
Aprè Bondye se ou ki pran tout tan an mwen

[Hook]
Ou mèt lajwa nan kè m cheri doudou
Epi w fè mwen konn sa k rele lanmou

[Outro]
Mwen damou w…
An an an an an
Mwen damou w