Mizik à Duam • BélO

ADDED BY TIZER (APR 12, 2014 AT 9:38 AM) 18,046 VIEWS EDIT

Genre: Haitian Jazz
Album: Natif Natal
Year: 2014
Produced by: Jean Bélony Murat

Yagayigayo
Duam

Mesye, imajine
M'resi jwenn yon fanm ki ka fè tèt mwen vire
Se vre, m'pat janm poze
Depi m rankontre'l la mwen tankou yon ma kafe
Sa pa vle di mwen menm avè l nou pa konn fache
Nou toujou jwenn yon jan pou nou rekonsilye
Menm jan yo di ke lang ak dan konn fè ti move
Men yo kondane pou yo ka viv “a deux”

M'ekri mizik pou boubout mwen
Pou m di l jan mwen renmen l
Mizik sa a se pou boubout mwen
Pou m di l jan mwen damou l
Menm si sa rive nou gen ti pwoblèm tout tan
Se li menm mwen renmen
Menm si se pa tout lè ke li banmwen bon jan

Fanm, sa a (4x)

Mwen renmen jan m renmen l
M'adore jan'l renmen m nan
M'aksepte avè l
Li pap pran tenten nan men m non
Lè li bò kote m mwen santi m 10,000 hommes
Se sa ki fè m konprann jan Jerry renmen Tom kaba
Yo toujou di ke dèyè chak grand homme toujou g'on fanm ki djanm
Tankou manmanm
M'apresye chak segond mwen pase avè l
M'adore l mwen chwaye l, m'kontan bò kote l

Mizik sa a se pou boubout mwen
Pou m di l jan mwen renmen l
M'ekri mizik pou madanm mwen
Pou m di l jan mwen damou l

Menm si sa rive nou gen ti pwoblòm tout tan
Se li menm mwen renmen
Menm si se pa tout lè ke li banmwen bon jan

Fanm sa a (4x)

[Bridge]
M'se neg ki konn gou bouch mwen, fanm sa a bon
M'pap bay li pou lò, menm pa pou dyaman
Gen nèg menm si yon renmen 'on fanm
Yo mal pou yo konprann, lanmou pa nan gwo gagann

Fanm sa a, se li menm mwen renmen
Fanm sa a, pou li m'ap bay tout vi mwen
Fanm sa a, fanm sa a

Gad yon fanm
Se Bondye k voye l pou mwen

Fanm sa a (4x)
Duam, se fanm sa a


BIOGRAPHY
  • BelO has been hailed as Haiti's musical ambassador to the world. A socially conscious singer-songwriter with a sophisticated sound and winner of numerous awards, including the prestigious "Prix Radio France International Discoveries of 2006," BelO's sound is a sublime mixture of Jazz, Worldbeat, Rock, Reggae and Afro- Haitian traditional rhythms known as "Ragganga". After the January 2010 earthquake in Haiti, BelO's primary focus was to create awareness for his country at various performances around the world. BelO's third album "HAITI DEBOUT," (Haiti Stand-up -2011) was released under Radio France/France Info and distributed, globally, by Harmonia Mundi. During the "HAITI DEBOUT" tour, BelO has performed in Germany, Rome, Romania, France, South Korea, London, Canada and the U.S.