Kenbe La • Jeff Policard

ADDED BY TIZER (JUN 2, 2014 AT 9:43 PM) 18,768 VIEWS EDIT

Genre: Haitian Jazz
Year: 2014
Produced by: Andy Barrow
Lyrics by: Jeff Policard

[Verse 1]
Li fè jou menm ti bras la pral kòmanse
Kòk la ap chante
Bèl solèy, san ou mwen pa wè anyen
Se balènn ki klere mwen
Yon lòt jou men se menm misyon an:
Bay moun lakay mwen lavi
M'ap di w mèsi Bondye, ou k’ banm fòs pou kontinye

[Chorus]
Kenbe la
Wout la long men n'ap kenbe
Kenbe la manman,
Avèk kouraj pedale monte
Kenbe la
Nou wè devan pi byen klere
Kenbe la manman
Avèk lafwa n'ap toujou kenbe konsa

[Verse 2]
Kòb machinn nan pòch mwen
Men si m mache m'ka kraze yon biswit a kafe
Pike desann Petyonvil vann de twa legim a pistach
Kòb lekòl la pa rive
Mwen vle pitit mwen konn li ak ekri
Pou yo pa sibi menm mizè mwen
Travay pou yon avni, goumen pou jwenn lavi
Se sèl sa ki fè m (2x)

[Chorus]
Kenbe la
Wout la long men n'ap kenbe
Kenbe la manman,
Avèk kouraj pedale monte
Kenbe la
Nou wè devan pi byen klere
Kenbe la manman
Avèk lafwa n'ap toujou kenbe konsa

[Bridge]
Kenbe men mwen...
Si w wè yon frè k'ap redi dan mòn nan (Mache avèk mwen)
Ofri l ti dlo pou l pa febli (Kenbe n’ap kenbe)
Pa fè byen pou jwenn kredi (Kenbe n’ap kenbe)
La richès pa vle di lajan (Kenbe n’ap kenbe)
Sa k nan kè w gen plis valè

[Chorus]
Kenbe la (Mwen di kenbe, wo o o o)
Kenbe la manman (Mwen di kenbe pou n rive)
Wout la long men n'ap kenbe
Kenbe la manman,
Avèk kouraj pedale monte
Kenbe la
Nou wè devan pi byen klere
Kenbe la manman
Avèk lafwa n'ap toujou kenbe konsa
Kenbe konsa
Avèk lafwa n'ap toujou kenbe

[Guitar groove]

Kenbe la (3x)
Kenbe la manman
Kenbe men m pa lage l
(rpt)