ADDED BY TIZER (OCT 10, 2014 AT 8:10 AM) • 19,608 VIEWS • EDIT
Labrin ka leve bonè
Solèy ou menm ki pot chalè
Pa bliye kè m si w wè m
Pwoblèm mwen nan malè
Lanmou m tankou rivyè koule
Pouvwa m se santiman m’sere nan liv bonè
Menm si lalin fè klè lanmou m pa janmè sekrè
Baryè mwen ka ouvè
Vini pou pot chalè
Cheri, tout kò mwen fin tranpe
Solèy ki ka leve
Pa bliye kè m souple
Doudou a vle chape
M’pap janm kite l ale non
Labrin ki pre leve
Soulaje kò m souple
Tanpri ede m rele
Pou m pa janm kite l ale
Ou tèlman pale tout kè an mwen fin dechire
Ou tèlman joure lespri an mwen fin deraye
Ou tèlman kriye epi doudou mande kite
Ou pale jous tan lespri mwen dekole