ADDED BY JEWIPA (JUL 15, 2014 AT 5:58 PM) • 9,651 VIEWS • EDIT
La vi youn flè, s-on vi-k frajil
Lanmò pou li pa difisil
Solèy twò cho, youn gwo gout dlo
épi-l kagou, l-kagé sou do.
Youn flè, youn flè konn bouké viv
Lò l-al fléri bò youn gildiv
Si-l bwè kléren, si-l tou grangou
Si-l fè lanmou pandan-l tou sou.
Youn flè, youn flè konn poté kwi-l
Jouk sou fontyè anba gwo fil
Li vann tout vi-l, pou-l janbé dlo
Lò pa gen vi nan Sibawo.
La vi youn flè konn youn lékzil
Lò li twò sèl, lò-l lwen péyi-l
Lò l-al pousé jouk lòt bò dlo
Nan twou sobwé bò Chicago.
Lò pa gen vi nan Sibawo
Lò l-al pousé jouk lòt bò dlo
Jouk sou fontyè anba gwo fil
L-al poté kwi-l anba lavil
La vi youn flè, s-on-w vi-k frajil.
Lyrics: Jean Winer PASCAL
Music: Beethova Obas;
Album: Pa Présé, 1996