Gadavou • Izolan

ADDED BY ANSY06 (FEB 15, 2021 AT 9:10 AM) 383 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Fèmen Bouch Nou
Year: 2011
Lyrics by: Léonard Tout-Puissant

Pawòl rapè k egri se:"yo te la anvan"
Yo pa janm ka fè yon hit yo pa vle mete tèt ansanm
Fè grafiti poupou na mi sa pa vle di ke w popilè
Menm jan ak chalè repiblik si w di sa ou merite kout lè
M se yon lidè m pa woulibè
Aksyon m nan game nan fè n bèbè
M pap kite sipèsta pran tèt mwen pou m ta di m se mwen k meyè
Mwen siyen non m nan premye paj la
Dòz rap mwen vin pi sovaj la
Ou pa renmen m sa se domaj pou ayisyen mwen s on fomaj
Izolan nan game nan m pap janm anba label
Mwen pat janm fè sousou pou m te ka pran grad jeneral
Tout ti egri k ap radote yo yo toujou dèyè do m
Nenpòt kote k gen rap kreyòl ou konnen fòk ou nonmen non m

[Refrain] 2x
Sou pa gadavou sou sou pa gadavou(ti solda)
Sou pa gadavou sou sou pa gadavou(nou bèbè)
Sou w pa gadavou ti sòlda w ap toujou anba je
Sou w pa gadavou ti sòlda w ap toujou anba je

[2eme verse]
Pou manman m mwen s on soufrans li pat vle mouvman pou mwen
Pou blòk mwen m son delivrans tout espwa yo se sou mwen
Ameriken gen rapè pa yo pou yo menm se ble e wouj yo
Lè n pa tande m genyen k malad yo pa vle pou Hip Hop la dead
Filozofi mwen nan game nan fò rapè apran apresye
Choute sou youn choute sou lòt lè n wè sak bon an respekte
Genyen ladan yo ki djòlè yo di se yo menm ki the best
Lè w f on travay ansanm avè yo ou wè talan yo chaje mès

[Refrain] 2x
Rapè ki egri k choute sou mwen m konn ki rezon
Se paske yo wè nan game nan kounya m pran lòt dimansyon
M kanpe tòf m kanpe w ap di charabya w close the mouth
E lè mizik mwen nan lari se mwen ki on se mwen ki off
Mwen chanje rap biznis la mwen vin fè li alamòd
Premye atis nan rap kreyòl sponsor mete l sou Billboard
E gen lòt ki egoyis lè yo wè sa yo al chire l
Ti rapè k san konesans yo mesye mouvman sa pa bèl
Mwen pap tounen nan benyen chen an
Kounya m ap gade elefan
Ak fòs mwen m ap pike devan
Nan kè m se rap kreyòl tout tan
Mwen pran san mwen mwen pran tan mwen
Mwen bay tout nan m mwen pou rap
E si yon moun ta vin devye mwen kraze règ mwen w ap pran frap

[Refrain] 2x