Mes Tourments II • K-Libr

ADDED BY DIDIER (MAR 14, 2015 AT 1:51 PM) 19,460 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Mes Tourments
Year: 2012
Produced by: K.O.LABO Recordz
Lyrics by: Valckensy (K-Libr Mystik) Dessin

[Refrain]
Devan yon pwoblèm kolektif twòp moun rete pasif
Atis, jounalis yo tout ret inaktif
Demokrasi maltchong ak yon dezespwa masif
Yo fèn aksepte tenten san aparèy represif
Pandan avyon ki prale “vers” chanjman gentan dekole
Pote krazy glue paske Ayiti vrèman dekole
Malerezman mwen pa wè moun ki pote kole
Nan malpwòpte nap toujou rete kole

[Strophe 1]
Poum kòmanse teks saa m pa jwenn mo ki ase
Se pa « panase » m gen pàn ase, poum di sa ki pase
Poum diw jan manmanm trakase m pa kwè yon track ase
M pa rap ase poum diw jan papam frakase.
Depi m fèt m wè papa m ap koud manmanm ap pote bout sak
Ak sa yo ganye kèk goud banm manje voye nan facc
Ki pap vire lòlòj mwen pou defann boujwa ideyoloji
Rap pam nan pap janm fè elòj poum ta di ide yo lojik.
Leta Loni ak moun rich yo fè “deal” a twa (3)
Pou vwa pèp pa pase ak pouvwaa yo fè dilatwa
Yo enpoze’n yon demokrasi ak 700 mil vwa
Anba je Minustah genyen k tranpe dwèt mil fwa.
Domaj, Peralt pat wè 1934
Depi 2004 n a kat pat devan tout kokorat
Nou manje manje bliye, sin pa wont dil
Nou ta dwe pwan medsin fè lestomak nou clean kont bil

Yo vann peyi a san fè pril, nou boure ak fatra anndan nou e n deside fèmen dan nou

[Strophe 2]
Se pa moman pou nèg ap fè rap san teks rap san konteks
Pwan preteks rap egotrip e pale de seks
Yon bann pranòy yo fin bwè klòch te yo ri
Media ak rap, sa pa janm fèt san theorie
Rap pa dwe kalman pou saa yo kap viv malman e palman
Li gen menm wòl ak Palman an ki poutan rete kalman
Sou mizè pèp je yo pap janm ouvri e
Leta pa la pou panse sou eta ouvriye
Men pito poupou gwoup kap domine poul kouvri e
Pou sèvi yo boukliye se nou yo pwan pou griye
Sonw ti pèp depiw ba li bouyon banbòch
Ou pa bezwen ba li baton pou li baw tout sak nan pòch
M poko wè yon peyi k devlope ak lapriyè
Ni m pa kwè solisyon Ayiti nan men amatè
Nou fout pèdi tèt nou e nou tout pè di tèt nou
Kes yon bann tèt vid nou chwazi met ala tèt nou

On bann dirijan hm hm!!! Nonw peyi hm hm!!!
On bann dirijan onwonyyy!!! Nonw peyi onwonyyy!!!

[Strophe 3]
Alonw ti peyi saa apre kolera se salami, c’est ca l’ami
Men pouki y opa dil gen bon gou
Se saa ya dil, e pou ti machann ki anba lavil
Se sak lavil kòmanl pwal fè pa grangou.
Jounalis nou bwè dlo santi saa men nou gen fyèl !
Sou chak 5000 entelektyèl 4900 se komokyèl
Rap ki ta dwe jwe wòl glas, malgre yo bal plas
Olye l’pale l’pito chache kras
Nou bliye avan tou rap se raj si tèlman
Nou pliye nou saj poun kenbe ekilib sistèm nan
Tròp rap kapitalis an tèt yon kapital lis
Yo bal capital plis pou yo te ka prital plis
Se pa pou vann bannann ki fèm atis frèm
Nanm mwen tan poum vann m’pito vale batistèm
Reyisit sosyal aparan sa pa satisfèm
Se sak plis fèm pwan mikro a poum di sak tris frèm

Sak pa jis frèm
Nan yon system
Men m pwan risk frèm

[Outro]
Sou track saa m pap voye shot out, sèlman pou Onald ki disparèt e pa janm gonw bri k’fèt. Nixon! Rest in peace hommies.