On Milyon • K-Libr

ADDED BY DIDIER (MAR 14, 2015 AT 5:35 PM) 17,860 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2011
Featuring: Ouragan
Lyrics by: Valckensy (K-Libr Mystik) Dessin

[Strophe 1 (Ouragan)]
M ret kwè talan poum kreye fè mizik vo plis pase yon milyon de goud
Avèl menm kreve k lopital kouche mwen met yon milyon “debout”
Sou li met soutyen gòj, tanga, poste l, boss li, pwostitiye l,
Sou kòb li m ta danse samba, se klè ke m tap fout tou tiye l.
Jije m vo plis man, ke “Brant” ni “Madsen”,
Ak mo m yo, mikro m nan menm “stand up” sou yon “mad scène”
Lakay men lè m konnen m rive sou tab pa gen yon bout akra
Men m fyè kanmenm paske non pam gen poul fè wout ke “Accra”
Filozofi pam se konn moun dabò
Nou tout dakò mond lan fèt ak twa rèy yo plis ide k t a bòl
Donk fè elòj pou lajan nan rap pam sanm pa santi jèn
M tap on sosyal dekadans ajan, an menm tan tou m se yon “antigène”
“Of course I need money to burn, but first I got some ears to earn
From my music they need to learn, my dutty now is have them served.
But when I’m sure I touch a billion ears,
Give me a billion bucks and I’ll be pleased”

[Refrain]
Sa m bezwen se yon milyon de moun avan on milyon de moun
On milyon (5 fwa)
Sa map chache se yon milyon de moun pa yon milyon de “cloun”
On milyon (5 fwa)

[Strophe 1]
Trak sa a se pou leve tèt nan yon anvirònman bwase ren
Men jan nou dwe rekonèt pou anviwònman an bwa se ren
Ki donk, wi m bezwen fè lajan avèl men m wè moun anvan
Sak fè m pa fè l laa jan tout lòt fèl pou bouch pwan van.
Non m pa gen foli bòs, pou m boule tifi vyèj
Sa k fè m pa kouri “boss”, pou m soti CD vyèj.
Kantite moun kap mache dèyèm pa yon milyon
Men chak grenn moun ki avèm yo vo plis kon w milyon.
Wi anbisyonm se pote gwo tit, men vizyonm se pa rive vit
Anvan mizik mwen ta tounen “hit”, m vle l se zouti ki pou mennen lit
Kont sistèm eksplwatasyon ak alyenasyon
Se plis tèm kont divizyon ki ka alye nasyon
M vle sitou pou yo koute m anvan yo peye m sa l koute m
Pou m fè chak moun konn panse m, anvan pou yo rekonpanse m.
Kèk ba rap mwen sou CD sa se grenn blòk pa m
Pou m ka rebati peyi a, pa sèlman blòk pa m

[Strophe 2 (Ouragan)]
I use my words to change their soul’s give’em strength to breave again
For those who feel to reach their goals in life so we can push their brains.
Force them to believe again, bring hope to replace their pains
Repair the broken wings, and give’em space to fly again.
Mon frère ma zic, n’a pas de temps pour les petites fesses
Magnifique est son impact toujours lorsqu’elle se manifeste
Dans les cÅ“urs, dans les âmes, elle enchaine la haine qu’on éprouve envers nos propres frères
Dans la plèbe elle apporte toujours son apport au plus faibles et les incite au progrès.

[(K-Libr)]
Ma zic vient d’un saccage au milieu de moi
Porteur d’un message depuis plus d’un millier de mois
Je voudrais qu’elle quitte sa cage, s’envole à mille lieux de moi
Tout en restant sage j’évite d’être humilié d’émoi.
Yes I wanna be a millionaire, even in a million years
But before a million here, I wanna reach a million ears.
Hustling hustling with my music like candle
Searching and searching like “Diogenes” for people