ADDED BY DIDIER (DEC 18, 2020 AT 10:43 PM) • 1,860 VIEWS • EDIT
[Verse 1]
Ou toujou pran pòz ou pa sou bò m
Lè w we m ak yon lòt fi ou fache
M pa ka fè vi m ap viv pou kò m
M bouke nan ti renmen nan kache
Ou fè tout moun konnen n se bon zanmi
Men n gen dezan renmen nan kache
M fin prezante w ak tout fanmi m
Aprè sa ou di m sa pap ka mache
Pou nenpòt ti bagay ou fache ou fè kont men domaj ou pa ofisyèl
M te gentan prè pou m te ba w kè m, m te menm pare pou m te ofri w syèl
Pou nenpòt ti bagay ou fache ou fè kont men domaj ou pa ofisyèl
M te gentan prè pou m te ba w kè m, m te menm pare pou m te ofri w syèl
[Chorus]
Si se vle ou pa vle m ankò pito m ale
Si se renmen w pa renmen m ankò kite m ale
Se pa vle m pa vle w ankò, m pa vle w afiche w
Se pa renmen m pa renmen w ankò, pa vle w afiche
Kite m ale (2x)
[Verse 2]
Tout kote m pase m te afiche nan poste foto ou adikte
Tout kote n ye vle etale n ou pa ban m tan pou m reflechi
Relasyon n piti l pako grandi ou vle sosyete a fè n krazy
Nan pale, kòmante, ridikilize nou si sa pata mache baby
Si foto n efase
Mwen vle w, mwen renmen w
Men mwen pa vle afiche
M pa vle afiche, m pa vle afiche
[Chorus]
Si se vle ou pa vle m ankò pito m ale
Si se renmen w pa renmen m ankò kite m ale
Se pa vle m pa vle w ankò, m pa vle w afiche w
Se pa renmen m pa renmen w ankò, pa vle w afiche
Kite m ale (2x)