Alfabè Kreyòl... • Mandaly Claude Louis-Charles, Michel DeGraff & Bemol Telfort

ADDED BY DIDIER (MAR 31, 2019 AT 4:05 PM) 7,517 VIEWS EDIT

Alfabè Kreyòl • Mandaly Claude Louis-Charles, Michel DeGraff & Bemol Telfort

Genre: Other
Year: 2016
Produced by: Mandaly Claude Louis-Charles, Michel DeGraff & Bemol Telfort
Lyrics by: Mandaly Claude Louis-Charles, Michel DeGraff

An nou aprann òtograf Kreyòl la
Sistèm pou n kominike
Èske w konnen òtograf Kreyòl la?
Si ou konnen chante l avè m

A an b ch d e è en f g h i j k l m
Èske w konnen tout son òtograf Kreyòl la?
Si ou vle konnen tout an nou kontinye
N ng o ò on ou oun p r s t ui v w y z

Mezanmi sa se son nan òtograf Kreyòl la
Si ou vle konnen tout repete ankò
A an b ch d e è en f g h i j k l m
N ng o ò on ou oun p r s t ui v w y z

Chak lèt rete nan wòl yo
Chak son ekri menm jan
Nanpwen lèt ki bèbè
Chak lèt yon sèl son

A a a abako an an an anbilans
Men si w mete aksan fòs an tounen àn
àn àn àn Antwàn pran pàn
B b b blakawout ch ch ch chou
Palmis d d d do do

Chak lèt rete nan wòl yo
Chak son ekri menm jan
Nanpwen lèt ki bèbè
Chak lèt yon sèl son

E e e elefan è è è bisiklèt
En en en gran maten f f f foumi fou
G g g grenadya h h h hinghang

Chak lèt rete nan wòl yo
Chak son ekri menm jan
Nanpwen lèt ki bèbè
Èske w pa wè sa?

I i i yon machin j j j jako repèt
K k k kanmarrad l l l laviwonndede
M m m marengwen n n n nounous

Chak lèt rete nan wòl yo
Chak son ekri menm jan
Nanpwen lèt ki bèbè
Se kon sa sa ye

Ng ng ng zing ti zing o o o o gadavou
ò ò ò tòtòt mango on on on bon bon siwo
Ou ou ou doukounou oun oun oun ounfò

Chak lèt rete nan wòl yo
Chak son ekri menm jan
Nanpwen lèt ki bèbè
Se laverite

P p p pwofesè r r r rat nan bwa
S s s Ayisyen t t t twa ti tòti
Ui ui ui zuit nan luil v v v vanyan

Chak lèt rete nan wòl yo
Chak son ekri menm jan
Nanpwen lèt ki bèbè
Se konsa sa ye

W w w wosiyòl y y y yon yoyo
Z z z zepina
Chak lèt yon sèl son

Mezanmi sa se son nan
òtograf Kreyòl la
Si ou vle konnen tout repete ankò
A an b ch d e è en f g h i j k l m
N ng o ò on ou oun p r s t ui v w y z