Ajenou • Olicase

ADDED BY JEFFMADISON (MAY 20, 2019 AT 1:38 AM) 7,816 VIEWS EDIT

Genre: Bolero
Year: 2019
Lyrics by: Frazix Lyrics Videos

Pagen moun ki parfait
Se nou tout ki pa bon
Pou tout bagay mwen fè
Baby m mande’w padon
Baby map Ajenou

Mwen tankou yon enbesil
Devan ou m pa jwenn mo
Pa kitem fini nan bendo
Baby map ajenou , Ajenou

O Komansman map diw padon
M te sipoze pi galan
M pat janm bay atansyon
M te yon vakabon Gyal

Konnya m we sa pa bon
M vle pou padone erè’m
Pa devwale sekrè’n yo
Siw pa lage proje’n yo
Cheri nap yon examp pou jèn yo

Mwen koube’m byen ba devan ou
Paske mwen antò
Baby m garanti’w m pap rekomanse
Ankò
Se mwen’k pou diw jan mwen santim
Se pandan’w ale a m tonbe nan traka sa
Projem ret nan plas yo pa fon pa pa pa
Se mwen’k pou diw jan mwen santim

Pagen moun ki parfait
Se nou tout ki pa bon
Pou tout bagay mwen fè
Baby m mande’w padon
Baby map Ajenou

Mwen tankou yon enbesil
Devan ou m pa jwenn mo
Pa kitem fini nan bendo
Baby map ajenou , Ajenou

Se moman pou blaze tet nou
M Tankou yon gro ancule
Mantal mwen pat pwop
Tankou rad sal yo anpile
M bliye tout erè ou fem
M pa beg ki fancunier
Pwan pasyans afem pou jus tan
Savon an kume

Fe mwen saw vle bebe
Ajenou sou graj jus soley leve
Pou ou’m krese
Ave ou pou lavi se sam reve
Pa kouri ale ou konn saw gen
Nan menw lan ou pa konn saw pwal jwenn
Pi devan neg kostume men mantal
Yo brejenn
Fe atansyon pou bel pawol yo ak promes

Koul finn pwan sal bezwen an
Li pwal chajew ak gro mes
Ou pwal konnen tou’l te marye
Li pwal diw li pap ka divose
Ann fon chita pou’n
Repanse , repanse.

Pa kite lanmou nou dekole
[ Dekole ]
Ave ou cheri m vle vole
[ Mwen Vole ]
Yon bouke fle m pot pouw dekore
[ Dekore ]
Nan wayom ou pa vle detrone
[ Detrone ]

Pa kite lanmou nou dekole
[ Dekole ]
Ave ou cheri m vle vole
[ Mwen Vole ]
Yon bouke flem pot pouw dekore
[ Dekore ]
Nan wayom ou pa vle detrone
[ Detrone ]

Pagen moun ki parfait
Se nou tout ki pa bon
Pou tout bagay mwen fè
Baby m mande’w padon
Baby map Ajenou

Mwen tankou yon enbesil
Devan ou m pa jwenn mo
Pa kitem fini nan bendo
Baby map ajenou , Ajenou

Pa kite lanmou nou dekole
[ Dekole ]
Ave ou cheri m vle vole
[ Mwen Vole ]
Yon bouke flem pot pouw dekore
[ Dekore ]
Nan wayom ou pa vle detrone
[ Detrone ]