Lib Ou Lanmò • Barikad Crew

ADDED BY DIDIER (NOV 27, 2018 AT 11:05 PM) 6,604 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2018

M vle n konnen depi la kreyasyon lòm te fèt pou l viv byen
Son apelasyon ak tout Ayisyen nan tout kwen
Mobilizasyon li lè pou n pran desten an men
Lè a rive pou n rasanble li lè li tan pou n revòlte

Lib ou lanmò, Lib ou lanmò
Si se pou dwa nou peyi nou nou dwe pase a laksyon
Lib ou lanmò, Lib ou lanmò
E pou listwa nou, chwa nou pa lòt ke revolisyon
Lib ou lanmò, Lib ou lanmò
An nou mete grenn pou nou kache chenn ke nou gen nan brain
Lib ou lanmò, Lib ou lanmò

[Fantom]
Mesaj pou tout wo pase yo 6-7-8 te vant pase yo
Pèp la te an kòlè l met aksyon l devan pou l te pale yo
Je kale yo tèlman vòlè yo fè tankou se pa te yo
Sa a di se sa, Paul di se Pierrot Jacques di Pedro k danse petro
Ey Jay Petro èske w ka di m sa w fè ak lanjan petro
Fè pèp la panse l ap vanse san fè yon pa kita nago
Bon se twòp - twòp palemantè k pale mantè pale lanbè
Se twòp - abolotcho, fo ministè anyen na fè
Se twòp – twòp ti sousou, soufnantchou, boujwa ti grangou
Twòp aziray twòp salte lidè lougawou
Kounya li lè pou n batay kont tout koripsyon
A wi li tan pou yo wè nou pran pozisyon

Chèf deta chèf deta lè n grangou n pa jwe (3x)
Non n pa jwe (2x)
Lè n grangou n pa jwe

[Hook]

[Brital]
Di m non kisa sa vle di pèp la kap fin deperi
Yon dal politisyen kap bay manti youn pa ateri
Mwen wè bagay yo pi di ti malere kap soufri
Pandansetan n ap peye tax se pouvwa n ap anrichi
Gad gwosè ou kapital ki pa gen lopital
Ensekirite moun ap tonbe bagay sa pa nòmal
Yap gaspiye lajan nan kès leta lontan
Pou dat n ap batay pou chanjman lontan
Poutan bagay yo ret menm jan
Nou di se twòp atò, nou pare pou lanmò
Rele aba koripsyon nou pap pran nan pawòl ankò
Edikasyon se lò, fòk nou fè plis efò
Konstwi lekòl inivèsite nou vle on demen miyò

[Bricks]
Gade byen wap wè se nou k toujou vote valpa yo
Aprè se menm nou menm ki pran lari k rele aba yo
Yo bay pèp manti yo di yap fè pase vwa pa yo
Aprè sistèm nan toujou ba nou kenbe menm kaka yo
M pa kwè n ap fè vin nan pran fo pawòl vye pwomès
Pandan nèg sa yo se pede vòlò mete vès
Nan fè move deal yo fin vann peyi a bay boujwa
Depi yap fè milyon pèp la mèt naje nan labou a
Nou bouke ak elit sousou yo figi moun ki se toutous yo
Ti gwoup fanmi kap souse peyi a depi se pou bous yo
Li lè pou n revolte, pou n rele chalbare
Li lè pou sa chanje pou lavi malere

[Hook]

[Izolan]
Zak esklavaj moun ap fè sou lòt moun se yon fenomèn
Yon fenomèn ki te toujou ekziste nan limanite
E yo te pratike nan tout sivilizasyon depi tan lontan
Zansèt nou yo pami premye group moun ki bay libète
M ap fè n konnen ke peyi n nan se premye peyi nan lemond
Kote n revòlte esklav te pèmèt nou kreye yon leta
Yon leta k pat nan sousou ni ki pat nan soufnantchou
Yon leta k te gen respè ki pat kreye pou koudeta
Pèp Ayisyen n pa dwe bliye ke nou se yon gwo patrimwàn
Nan zafè dwa moun sou latè sa dwe ret grave nan memwa n
Manifestasyon pasifik tout moun konnen sa se devwa n
Nan dosye petwo karibe a kontinye fè tande vwa n

[Outro - Chavèz]
Ayiti, Ayiti
Viv Ayiti